Accessibility links

Breaking News

FIFA Tranche nan Dosye Zidanno / Materazzi a


Football Zidanne/ Materazzi

Kapitè n seleksyon nasyonal franse a Zinedine Zidane resevwa yon sispansyon 3 match epi pou l peye yon amand 6 mil dola ak 3 jounen sèvis komunotè nan projè humanitè FIFA kòm punisyon kout tèt li te bay Italyen Marco Materazzi pandan final koup du mond la. Materazzi resevwa yon suspansyon 2 match e gen pou l peye plis pase 4 mil dola amand pou patisipasyon nan ensidan an--tou 2 jwè yo prezante ekskuz yo bay FIFA pou move konpòtman an. FIFA di pat gen pwopo rasis. Zidane toujou konsève pri balon dò Adidas kòm meyè jwè koup du mond la. La Frans gen pou l rankontre ak Itali nan kad kalifikasyon koup dEròp dè Nasyon an.

Yon lòt kote antrenè Brezilyen Carlos Alberto Parreira demisyone nan tèt seleksyon brezilyen an. Federasyon Football Ostralyen an gen pou anonse entansyonn pou l òganize koupdu mond football la an lan 2018. Koup du mond 2014 la ap òganize nan yon peyi nan Amerik du Sud la. Kapitè n seleksyon Italyen an Fabio Cannavaro kap jwe nan Juventus de Turen ak Brezilyen Emerson siyen yon kontra 2 zan ak Real Madrid. Gen posibilite pou klub Espayòl FC Barselòn siyen yon kontra ak footbalè franse Lilian Thuram ak Italyen Gianluca Zambrotta--2 jwè ki tap jwe nan Juventus de Turen.

Klub football ameriken New England Revolution fè match nul 1 a 1 ak klub football Ekosè Celtic Football Klub. Kansas City Wizards revoke antrenè ameriken Bob Gansler Mèkredi.

Cyclisme

Siklis ameriken Floyd Landis ranpòte 17 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la apre redui eka ki te separe l ak lidè konpetisyon an Espayòl Oscar Pereiro. Pereiro toujou nan tèt klasman jeneral la ak 7 minit 8 sekond. Tour de Frans la ap fini Dimanch nan vil Pari.

Tennis

Tchèk Tomas Berdych ak Ekwatoryen Nicolas Lapenti kalifye pou kar de final tounwa tenis koup Mercedes Benz la nan vil Stuttgart an Almay. Berdych te bezwen 2 manch pou l kale Arjanten Diego Junqueira 6-1, 6-4. Berdych pral rankontre nan kar de final la ak Lapenti ki woule ak kout rakèt Arjanten Diego Hartfield 7-6, 6-2.

Wesley Whitehouse ki klase 512 zièm mondyal suprann ansyen numewo 1 mondyal Rus Marat Safin ak yon viktwa 6-1, 6-4 nan 2 zièm tou tounwa tenis RCA nan Indinapolis. Swis Patty Schnyder woule ameriken Abigail Spears ak kout rakèt 6-1, 6-0 pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis feminen Cincinnati a.

Basketball

Seleksyon nasyonal basketball ameriken kòmanse seyans dantrenman yon semen nan Las Vegas, Nevada ak espwa pou l reprann numewo 1 basketball mondyal la lè yap patisipe nan koup du mond basketball ki gen pou dewoule O Japon. Pami vedèt kap patisipe nan seyans dantrenman an nou jwen Dwayne Wade kap jwe nan Miami Heat, Lebron James -Cleveland Cavaliers), Chauncey Billups--Detroit Pistons--Gilbert Arena--Washington Wizards ak Camelo Anthony-Denver Nuggets. Koup du mond la ap demare le 24 Out. Etazuni trouve l nan nan group D a ansanm ak Itali, Porto Riko, Sloveni, la Chin ak Senegal.

XS
SM
MD
LG