Accessibility links

Breaking News

Etazuni ta Renmen Oganize Je Zolenpik yo an 2016


Olympics

Komite Olenpik Ameriken an anonse yo kapab resevwa kandidatu 5 vil ameriken kòm kandida pou òganize je zolenpik 2016 yo. Vil posibi yo se Los Anjeles, Philadephi, Houston, San Francisco ak Chikago. Lòt vil ki kapab poze kandidatu yo se Fukuoka ou Tokyo, Madrid, Milan ou byen Ròm, Prag, Moskou ou byen Sent Petersburg a New Delhi.

Tour de France

Frank Schleck ki soti nan peyi Luxembourg ranpòte 15e etap-la nan montay pandan ke siklis ameriken Floyd Landis toujou kenbe mayo jon-nan. Frank kouvri distans 187 kilomèt sa-a ant Gap ak Alpe de Huez-la an 4 trè, 52 minut, 22 sekond. Italyen Damien Cunego rive 11 sekond reta an 2e pozisyon. Stefano Garzelli rive an 3e.

Football

FIFA ap tande Zidane jeudi 20 juyè. Li te tande Mario Materrazzi vandredi ki sot pase la-a. Zidane ap gen prezidan Fedrasyon fransèz-la avè l Jean-Pierre Escalettes

Ansyen antrenè seleksyon nasyonal almand-la Juergen Klinsmann deklare nan la près li pap asiste seremoni kote prezidan alman-an Horst Kohler pral ren-mèt-li yon meday Ordre e merite. Klinsmann 41 nan demisyone semèn dènyè-a apre Mondyal 2006-la ann Almay kote li te pran yon suprenant 3e plas. Klismann di jounal Bild , li santi-l onore , li pap prezan nan seremoni 14 out-la nan Berlen paske li vle rete lwen foutbòl pandan 6 mwa.

Ansyen antrenè seleksyon nasyonal Etazuni-an Bruce Arena jwenn yon djòb nan MLS-la --Lig Foutbòl Ameriken-an-- kote li pral antrene New York Red Bulls. Arena jwenn pòs sa-a 3 jou apre Federasyon Foutbòl ameriken-an di-l li pap renouvle kontra-a. Arena ranplase nan pòs sa-a Richie Williams ki tap antrene pwovizwaman ekip-la lè responsab-yo tre revoke antrenè Mo Johnston nan dat 27 juin.

Malgre revokasyon sa-a Bruce Arena genyen pi bon palmarès ke tout lòt antrenè nan tèt seleksyon amerikèn-nan : 71 viktwa, 29 defèt , 30 nul. E nan Mondyal 2002-a li te rive nan kar de final kote-l te pèdu avèk oneur devan Almay. Men ane sa-a ekip-la pat bay anyen nan gad-la kote li elimine depi nan premye tou. Ayisyen Jean Philippe Peguero ap jwe nan klub football New Yorkè a.

Feyton sou skandal nan foutbòl italyen poko fini . Jouventous de Turin , Lazio de Wòm , Fiorentina kondane pou desann an 2e divizyon ak penalizasyon e Milan AC apre rete nan divizyon 1 men ak yon defisi 15 pwen pa rapò ak lòt ekip-yo e li diskalifye pou Lig Chanpyon Eropeyen an.Tout 4 klub sa-yo deside ofisyèlman jodi lendi-a pou yo ale ann apèl kont mezur diplinè sa-yo. Ekip sa-yo depoze dosye-yo devan Kour Federal Federasyon Italyèn Foutbòl-la. Milan AC di li dakò pou-l desann an 2e divizyon men li pa dakò penalizasyon-an. Pwosè an apèl-la dwe kòmanse vandredi devan La kou Federal-la. 27 juyè se dat limit pou desizyon definitiv ta soti akoz enskripsyon UEFA-a.

Toujou nan foutbòl o femimen: nan Koup Dazi-a Ostrali, peyi òganizatè-a kale Birmani 2 a 0 nan Adelayid. Kore-du Nò van-nen Tayland 9 a 0 . Tounwa sa-a konsidere tankou yon eliminatwa pou Mondyal foutbòl feminen-nan nan peyi La Chinn an 2007.

Tennis

Yon kout pye nan tenis: Nan tounwa tenis maskulen Telecom-nan kap dewoule nan Amersfoort nan peyi La Olansd, arjanten Guillermo Coria (1) kalifye pou 2e tou apre viktwa-l sou olandè Robin Haase: 2 sèt a 1 : 6-3, 4-6, 6-4 . Lòt kalifye ankò se tchèk Tomas Zib, ak yon lòt arjanten Sergio Roitman.

XS
SM
MD
LG