Accessibility links

Breaking News

Kolonbi Manifeste Entansyonn pou l Oganize Koup du Mond la an 2014


Football

Responsab spö yo nan Kolonbi anonse entansyon yo pou òganize koup du mond football FIFA a an 2014 malgre to krimalite a ki elve. Prezidan Uribe, ki fè anons la, di peyi kalm ase pou peyi a òganize koup du mond la. Anons sa a fèt nan moman Kolonbi ak akeyi je sant Amerik ak Karayib yo nan Kartajèn-- plis pase 5 mil atlèt ki soti nan 32 peyi nan rejyon ap patisipe nan konpetisyon kap dure 2 semen. Brezil se yon lòt kandida tou.

Federasyon Football Iranyen an non-men Amir Ghalenoie kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la nan plas Kwat Branko Ivankovic ki te nan tèt seleksyon an depi 2002. Ivankovic kraze yon kite sa apre movez pèfòmans Iranyen yo renmèt nan koup du mond la--pibon seleksyon peyi a janm konnen depi plizyè dizèn ane.

Konfederasyon Football Azyatik la deside ofri 2 plas pou 2 klub kap evolye nan chanpyona premyè divizyon Ostralyen. Responsab football rejyonal yo di 2 klub Ostralyen yo ap ranplase yon klub Tailandè ak yon klub Vyetnamyen ki pèdu yon plas yo chak. Desizyon pou ranplase klub Vyetnamyen ak Endonezi baze sou pèfòmans klub yo renmèt nan sezon pase yo. Se premye fwa Ostrali ap patisipe nan koup dè chanpyon Azyatik la apre yo te pran desizyon pou vinn fè pati Konfederasyon Azyatik la.

DC United kale Kolonbus Crew 3 a 2 Samdi isit Washington nan kad chanpyona nasyonal premyè divizyon ameriken an konsève pozisyon kòm lidè jeneral enkonteste nan Lig ak ak 44 pwen.

Antrenè D-C United Peter Nowak gen pou anonse lis jwè ki seleksyone pou rankontre ak klub Angle Chelsea nan kad match tout vedèt ki dewoule nan mwatye sezon an.

Federasyon Football Ameriken remèsye ansyen antrenè seleksyon an Bruce Arena pou bon travay li fè nan pwogram football la pandan yo eksprime desepsyon yo pou movèz pèfòmans ameriken yo renmèt nan koup du mond la.

Gana ap chache yon nouvo antrenè apre demisyon antrenè Sèb Ratomir Dujkovic demisyone pou rezon sante.

XS
SM
MD
LG