Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Atake Nouvo Sib Nan Liban


Avyon militè Izrayelyen atak plizyè sib jodi samdi a atravè peyi Liban. Atak sa yo touye omwens 4 moun nan popilasyon sivil la. Plis pase 60 libanè (sivil pou pifò) pèdi lavi yo depi operasyon militè Izrayèl ap mennen depi 4 jou kont sib geriyewo Hebollah yo ki touye 8 solda izrayelyen e kidnape 2 lèt mekredi pase a. 4 sivil izrayelyen mouri nan atak ak wokèt Hezbollah te lanse sou rejyon nò Eta Ebreu a. Izrayèl konfime li genyen 4 militè lamarinn ki pa reponn alapèl apre yon atak Hezbollah sou yon bato de gè izrayelyen nan fen sware vandredi 14 jiyè a.

Izrayèl atake jodi samdi a pon, estasyon gazolin ak depo kote Liban stoke rezèv gaz li. Jeneral lame de le izarayelyen, Ido Nehushtan, deklare peyi li pral itilize gwo siperyorite peyi li genyen nen lèzè sou fòs ennmi yo pou l' dechouke Hezbollah nan Liban Sud la.

"Nou gen volonte e nou pare pou tout sa k' nesesè. Natirèlman, nap chèche retabli lapè laba a, sepandan nou genyen mwayen nan ponyèt nou. Pi gwo posyon kanpay ak operasyon an chita sou atak aeryen. Nap sevi ak avyon konba, elikoptè e jiskaprezan, pou pi fo, ak minisyon ki gen gidaj wot presizyon nan operasyon sa a."

Izrayèl rann Liban responsab zak kidnaping Hezbollah fè sou 2 sòlda li mèkredi pase e l' ekzije pou lame libanè-a chase geriyewo hezbollah yo nan pozisyon yo okipe nan Sud Liban an. Gouvenmen libanè a mande Konsey Sekirite Nasyonzini an aji san pèdi tan pou mete fen nan batay la. Prezidan Bush di li genyen kè sote sou fason kriz la la kapab afekte gouvènmen libanè a, men li ajoute li pa pral pran okenn desizyon militè nan plas Izrayèl. Men li akize Hezbollah kom pati ki deklannche vyolans lan.

Hezbollah reponn atak Izrayèl yo avek kèk kout missil sou rejyon nò Eta Juif la. Lidè gwoup la, Hassan Nasrallah, menase pou l' deklannch yon lagè "ouvèt net-al kole ak Izrayèl, kote li pran pou sib twazyèm pi gran vil peyi a, Haifa, ki sibi pou premye fwa nan ekzistans li yon atak ak wokèt Katyoucha depi teritwa libanè a. Majistra kominal vil Haifa a, Yona Yahav, di konsitwayen li yo "li pare pou l' fè fas ak situasyon an, men li genyen kè sote kanmenm.

"An verite, mwen enkyete paske jwèt la chanje. Se yon jwèt nouvo avèk yon nouvo reyalite palefèt ke teworis yo ap bonbade nou avèk wokèt ki ka tonbe sou zon rezidansyèl yo. Kidonk, nou pa ka konnen sa'k pral rive. Deklarasyon majistra kominal vil Haifa a, Yona Yahav...

Yon lòt kote Izraeyèl kontinye atake tèritwa Gaza jodi samdi a--yon jou apre fòs atè israelyen yo te evakue sant tèritwa. Militè yo te deklare yo finn akonpli misyon yo pou kounye-a. Genyen sòlda izrayelyen toujou nan kèk rejon Gaza kote yo kontinye ap chèche yon jèn militè militan palestinyen te kidnape nan fen mwa jen an.

XS
SM
MD
LG