Accessibility links

Breaking News

Italyen Marco Materazzi fè Depozisyon Devan FIFA


Football

Defansè seleksyon Italyen Marco Materazzi fè depozisyon jodi a devan komisyon disiplinè FIFA a nan vil Zurik sou rezon ki te pouse Zinedine Zidane ba l yon kout tèt pandan final koup du mond Itali / la Frans la. Dapre nouvèl yo rezon ki justifye prezans Materazzi pou l fè depozisyon nan yon dosye ke komisyon gen pou tande semen pwochè nan se akoz li bezwen ale nan vakans. Federasyon Footbal Italyen anonse yap pwononse l sou match truke ki te genyen nan chanpyona Italyen an pita nan jounen an. 4 klub kapab afekte nan desizyon tribunal la se Juventus de Turen, Milan AC. Sampdoria de Jè n ak Lazio de Wòm.

Ansyen entènasyonal Italyen Roberto Donadoni non-men kòm nouvo antrenè seleksyon Nasyonal Italyen an nan plas Marcello Lippi ki demisyone.

Antrenè Seleksyon Nasyonal Foutbòl Kroasi-a, ZLATKO KRANJEAR, pèdi djòb-li apre echèk ekip kroat-la nan Moundyal 2006-la, kote li pat menm kalifye pou 2zyèm tou-a. Prezidan Asosyasyon Foutbòll ̀kroat-la, VLATKO Markovic, di li te deja di msye anvan Koup Du Mond Foutbòl-la “si Ekip-la pa kalifye pou 2zyèm faz tounwa-a, li pral konsidere prestasyon sa-a kòm yon echèk. Kroasi te fini 3 zyèm nan gwoup F-la dèyè Brezil ki te kale-li 1-0 ak Ostrali ki te fè matck match nul 2 a 2 avèk-li. Kroasi te fè match nul tou 0-0 ak Japon. . Kranjear di echèk ekip-la se senpleman mal chans e ke’l pa tap fè okenn chanjman taktik nan klub-la si’l ta twouve’l nan menm situasyon-an..

Isit Ozetazuni weekend sa a ap chaje ak rankont D-C United ap akeyi Kolonbus Crew. Kansas City Wizards ap akeyi Houston Dinamo. FC Dallas ap fè yon kout pye lakay Chikago Fire pandan ke Real Salt Lake pral lakay New England Revolution. New York Red Bulls ap akeyi Los Anjeles Galaksi.

Tennis

Fransè Richard Gasquet kale chanpyon an tit-la, ajanten Gaston Gaudio pou’l kalifye pou demi-final tounwa tennis Open GSTAAD-la, kap jwe nan peyi La Suisse. Gasquet elkimine tèt de seri numewo 2 ajantinn-nan 6-3, 6-2. Pwochen advèsè franse-a se pral alman Philipp Kohschreiber---ki elimine an 3 sèt tèt de seri nimewo 3-a, espayòl Fernando Verdasco:6-3, 4-6, 6-4

Boxe

Eta Navada vote yon seri de règleman ki vize amelyore fason match boks dewoule nan eta a. Komisyon Atletik Nevada a chanje règleman nan gan, baswon akote ring nan, doktè yo ak ekzamen medikal apre 2 boksè te mouri nan Las Vegas ane pase. Komisyon an vote règleman ogmantansyon finansman pou kapab fè plis tès dròg ak analiz medikal imedyatman apre yon match fini.

Basketball

Group basketè amuzè Harlem Globetrotters, ki gen ti non anbasadè basketbal ameriken, fè konnen yo pral mete aksan sou preparasyon fizik nan okazyon toune 2 semen yo pral fè an End an Novanm ane sa a.. Pandan 80 ane istwa group la vizite 118 peyi devan 124 milyon fanatik.

XS
SM
MD
LG