Accessibility links

Breaking News

Fenomèn Ensekirite a Ap Galope nan Peyi Dayiti


Eleman ak zam atake plizyè 2 kay nan vil Gonayiv, katriyèm vil pi enpòtan Ayiti. Nan seri atak sa a, bandi yo devalize kay e touye yon dam Marie Claude Philistin. Zak sa a, se zak banditism pi resan ki fèt nan peyi a apre vag vyolans ak kidnaping yo te anrejistre semen pase nan kapital la, Pòtoprens, ak katye alantoul' yo.

Devlopman sa a rive preske nan menm moman prezidan Réné Préval tap anonse kreasyon yon nouvo pòs Sekirite Piblik ki gen pou chèf, Luc Echer Joseph, ansyen komisè polis nasyonal la. Pou n' koute detay nouvèl sa yo avèk Lyonel Desmarattes, korespondan Alfred Jean, Rotchild François jr., Renan Toussaint, Ernst Eliscar ak Marie-Luce Pierre, ale sou ralonj ki anlè atik sa a.

NB: Pou tout nouvo devlopman aktualite a nou kapab ale agòch paj wèb Lavwad'lamerik la e fè yon klik sou "Pwogram Apre midi".

XS
SM
MD
LG