Accessibility links

Breaking News

Dosye Zidano/Materazzi Devan FIFA


Football

Komite displinè FIFA a fè yo louvri yon ankèt kont footballè Italyen Marco Materazzi pou konduit li pandan final koup du mond la nan vil Berlen. Responsab yo yo louvri ankèt la apre deklarasyon Zidane fè yè swa nan televizyon kote li di Materazzi te pwovoke ensidan an. 2 jwè yo gen pou prezante devan komite a 20 Juyè nan vil Zurik an Swis Zidane te prezante ekskuz pou kout tèt li te bay footbalè Italyen an pandan li di li pa regrèt li te bay Materazzi sa l te merite.

D.C United woule klub Ekosè Celtic Football Klub ak yon rakle 4 a 0 yè swa isit Washington nan kad yon match amikal. Celtic gen pou l rankontre ak Chivas de Guadalajara nan New Jersey Vandredi avan yo rankontre ak New England Revolution Mèkredi pwochen.

Prezidan Milan AC Sylvio Berlusconi lanse yon ofansiv kont tribunal justis Italyen kap ankete sou magouy ki ta fé pandan yon seri de rankont. Berlusconi mande responsab yo pou fè yon kanpo sou sanksyon yo--ki kapab relegasyon yon seri de klub nan 2 zièm ou byen 3 zièm divizyon. Vèdik la kapab rann swa demen Vandredi ou byen Samdi.

Tennis

Espayòl̀ Tommy Robredo ak Rus Evgeny Korolev kalifye pou kar de final touwna tenis Open Swedwa a. Robredo woule ak kout rakèt alman Alexander Waske 6-3, 6-1 pandan ke Korolev danse sou Peruvyen Luis Horna 6-2, 6-3. Ameriken Serena Williams ap retounen sou teren tenis la semen pwochèn nan apre yon blesu te kenbe l lwen teren an.

Tour de France

Siklis Rus Denis Menchov ranpòte 11 etap kous bisiklèt Tour de Frans la jodi a.

XS
SM
MD
LG