Accessibility links

Breaking News

Otorite Pòtuè Ayisyen yo Sezi Yon Konntenè Ki Gen Zam Andedan li


Responsab sekirite nan Ladwann vil Pòtoprens lan dekouvri mèkredi kèk zam avek tout minisyon nan yon konntenè tou pre pi gran bidonvil ki genyen nan kapital la, anpalan Site Solèy. Ajan dwann yo fè dekouvèt sa a nan yon antrepo tou pre La Saline. Lapolis ayisyen ki te ale sou plas sezi zam yo, dapre korespondan Sèvis Kreyòl la, Rotchild Francois Jr.

Yon lòt kote, depite ayisyen yo reklame gouvènman premye minis Jacques Edouard Alexis a redefini wòl misyon Nasyonzini an (Minustah)nan peyi Dayiti. Sepandan yo di demann sa a pa mete an kesyon prezans misyon an nan repiblik karibeyen an. Epi nan Sen-Mak, Lajistis sanble an'n otaj paske yon gwoup moun nan vil sa a deside fèmen tribinal la.

Pou plis detay sou depèch korespondan nou yo ale sou lyen ki anlè atik sa a

XS
SM
MD
LG