Accessibility links

Breaking News

Marcelo Lippi Vle Kontinye Antrene Seleksyon Italyen an


Koup du Mond

Antrenè Seleksyon Italyen an Marcelo Lippi lese yon pot̀ louvri pou l kontinye nan tèt seleksyon apre kontra l ap ekspire nan fen mwa a. Kèk medya te publiye entansyon antrenè a pou l demisyone men jodi Lippi li pat janm di lap sispann antrene. Lippi di kèlke swa pwochen pòs li okipe li toujou renmen rete an relasyon ak jwè li ede ranpòte koup du mond la.

Malgre katon wouj Zinedine Zidane resevwa nan defèt 5 a 3 la Frans subi subi devan Itali pa anpeche l resevwa balon dò FIFA a kòm meyè jwè koup du mond la. Zidane ranpòte pri a ak yon kantite pwen tou mens devan Italyen Fabio Cannavoro ak Andrea Pirlo. Alman Miroslav Klose resevwa pri soulye dò FIFA a apre li make 5 gòl nan koup du mond la.

Plas Veniz, Plas Despay nan vil Wòm ak lote an Itali soti nan Nap pou rive nan vil Turen Tifozi yo pase tout nwit la ap selebre 4 trièm koup du mond seleksyon Italyen ranpòte apre viktwa supriz yo ranpòte devan la Frans sou tir de penalite 5 a 3. Rankont la te domine ak ensidan kote menè de je ekip franse Zinedine Zidane te lage 2 pye long Italyen Materazzi ak yon kout tèt--yon ensidan ki te debouche sou ekspulsyon Zidane ki te make gòl franse yo sou yon penalite. Yon ekspulsyon dapre antrenè Domenech demobilize franse yo. "Nou kapab di ekspulsyon Zidane nan match te yon eleman kle patikulyèman pandan pwolongasyon an kote Italyen yo te vle ale nan penalite".

Antrenè Italyen Marcelo Lippi di li fyè de seleksyon Italyen an patikuylyèman viktwa kont la Frans la. "Nou lejitime viktwa a gras ak presizyon ak klate jwè yo mete nan ekzekusyon penalite yo".

Italyen yo renmèt Almay sa yo te fè l an 1990 lè yo te ranpòte koup du mond la an Itali--16 zan apre Italyen ranpòte konpetisyon an gran panpan sou teritwa Alman an ki yo fini an 3 zièm pozisyon. Plis pase yon milyon tifozi akeyi retou Italyen yo ki ranpòte koup du mond la nan moman gen yon jujman kap fèt kont magouy ki ta genyen nan chanpyona a.

Plizyè klub kapab desann nan 2 zièm ou byen nan 3 zièm divizyon--situasyon 13 jwè ki sot ranpòte koup du mond la kapab trouve yo. Klub kap afekte yo se Juventus de Turen, Milan, Fiorentina ak Lazio de Wòm. Obsèvatè spòtif yo di rezon ki eksplike eksplwa Itali renmèt nan koup du mond la se eskandal magouy ki enplike klub Italyen yo. Mitan teren seleksyon an Gennaro Gattuso di li konvenk jwè yo pa tap renmèt anyen si se pat eskandal la.

Tennis

Swis Roger Federer klase kòm numewo 1 mondyal dapre klasman Asosyasyon Tenis pwofesyonèl la publiye jodi a. Federer okipe pozisyon sa a depi 2 zan edmi. Espayòl Rafael Nadal, Arjanten David Nalbadian, Kwat Ivan Ljubicic, Rus Nikolay Davydenko, Ameriken James Blake, Kwat Mario Ancic, Tchèk Radek Stepanek, Espayòl Tommy Robredo ak Chipriyòt Marcos Baghdatis konplete lis 10 meyè jwè tenis mondyal maskulen an.

Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo ki sot ranpòte tounwa tenis Wimbledon nan klase numewo 1 mondyal devan Bèlj Kim Klijsters, Justine Henin-Hardenne, Rus Maria Sharapova,Nadia Petrova, Elena Dementieva, Svetlana Kuznetsova, Swis Patty Schnyder, France Marie Pierce ak ameriken Lindsay Davenport konplete lis 10 premyè jwè tenis mondyal feminen an.

Swis Roger Federer ranpòte 4 trèm fwa afile tounwa tenis Wimbledon an apre li kale archirival li Espayòl Rafael Nadal 6-0, 7-6, 6-7, 6-3. Federer ajoute nonn sou lis la ansanm ak Ameriken Pete Sampras, Swedwa Bjorn Borg kòm sèl jwè ki ranpòte konpetisyon an 4 fwa afile. Franse Amelie Mauresmo ranpòte kategori medam yo.

NBA

Lebron James dakò pou l pwolonje kontra l ak Cleveland Cavaliers pou anviwon 80 milyon dola sou yon periòd 5 kan. James ki gen 21 an ap siyen kontra Mèkredi lè lig la otorize jwè yo pou siyen nouvo kontra.

Cyclisme

Ameriken Justin Gatlin pap patisipe nan konpetisyon Atletis Gran Pri kap dewoule demen Madi a nan vil Lauzan an Swis akoz yon blesu

XS
SM
MD
LG