Accessibility links

Breaking News

Lance Armstrong Abandone Aksyon an Justis an Frans


Cyclisme

Siklis ameriken Lance Armstrong sispann aksyon an justis li te tante kont an Frans li ranpòte 3 batay legal sou akuzasyon li ta konsome dròg pandan li tap patisipe nan konpetisyon Tour de Frans la ke li ranpòte 7 fwa.

Koup du Mond

La Frans ak Itali ap prepare pou woule balon Dimanch nan kad final koup du mond football la an Almay. Se okazyon pou Zinedine Zidane kap jwe dènye match entènasyonal avan li pral retrèt li--yon viktwa la Frans ak kourone karyè Zidane ki te make gòl la Frans kont Pòtugal.--Yon rankont plis pase 22 milyon moun te swiv nan televizyon an Frans sèlman. Franse yo pral jwe rankont ak deviz sa a Viv ansanm ou byen Mouri ansanm. Demen Samdi a Almay ap jwe match de klasman an kont Pòtugal.

Alman Lukas Pudolski, ki make 3 gòl pou seleksyon Alman an, non-men kòm meyè jè n jwè koup du mond la devan Pòtugè Cristiano Ronaldo ak Arjanten Lionel Messi.

. Gadyen Seleksyon Trinidad and Tobago a Shaka Hislop siyen kontra pou l vinn jwe nan FC Dallas-yon klub kap evolye nan chanpyona football ameriken an.

Nouvèl kap sikile nan vil Lisbòn fè konnen antrenè seleksyon Luis Felipe Scolari kapab demisyone nan tèt seleksyon an malgre pwolongasyon kontra federasyon an te ofri l juskan 2008.

Tennis

Wimbledon Franse Amelie Mauresmo ap rankontre bèlj Justine Henin-hardenne nan kad final tounwa tenis Wimbledon nan. Bò kote mesye yo jodi a Roger Federer ap jwe semi final kont Swedwa Jonas Bjorkman epi Michael Baghdatis kont Rafael Nadal.

XS
SM
MD
LG