Accessibility links

Breaking News

Hardenne--Mauresmo nan Final Wimbledon nan


Tennis

Bèlj Justin Henin-Hardenne kalifye pou final tounwa tenis Wimbledon nan apre li wouze ak kout rakèt konpatriòt li Kim Klijters 6-4, 7-6. Manmzèl pral rankontre nan final la ak franse Amelie Mauresmo ki elimine Rus Maria Sharapova 6-3, 3-6, 6-2. Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal kalifye pou semi final la apre woule Finlandè Jarkko Nieminen 6-3, 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak Chipriyòt Marcos Baghdatis. Lòt semi ifnal la ap mete bab pou bab Swis Roger Federer ak Swedwa Jonas Bjorkman.

World Cup Football

FIFA revele lis 10 kandida kap resevwa balon dò Adidas 2006 la. 3 franse Thierry Henry, Patrick Vieira ak Zinedine Zidane-- 2 Alman: Michael Ballack ak Miroslav Klose. 4 Italyen Gianluigi Buffon, Fabio Cannavaro, Andrea Pirlo, Gianluca Zambrotta epi Pòtugè Maniche.

REsponsab yo publiye tou 6 meyè jèn jwè koup du mond la. Potugè Cristiano Ronaldo, Ekwatoryen Luis Valencia, Arjanten Lionel Messi--sa a se te chwa fanatik yo. Group detud FIFA a seleksyone 3 lòt Alman Lukas Podolski, Swis Tranquilo Barnetta ak Espayòl Cesc Fabregas.

Abit Japonè Kamikawa Toru seleksyone pou dirije match de klasman ant Almay ak Pòtugal Samdi nan Stuttgart. epi trio abit arjanten Elizondo Horacio, Garcia Dario, ak Otero Rodelfo ap dirije final ant la Frans ak Itali Dimanch nan Bèlen. Anviwon 2000 jounalis ak 300 fotograf ap kouvri final la.

Plizyè dizèn milye fanatik football frane selebre kalifikasyon seleksyon an pou final koup du mond Dimanch fas a Itali nan vil Berlen an Almay. Franse yo rive nan final gras ak yon gòl Zinedine Zidane make sou penalite fas a Portugal. Antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech di yo ranpòte yon viktwa difisil "Mwen felisite seleksyon Pòtugal la-se yon ekip difisil. Yo jwe byen-yo mete tout konesans yo sou teren an-bravo pòtugal. Nou soufri anpil men-genyonsèl venkè ki se nou menm. "

Yon fanatik mouri pandan selebrasyon an lè l te monte sou tèt yon tren. Gen plizyè lòt ki blese. Fanatik yo te fè dezòd nan vil Lyon kote boule machin epi kraze brize.

Minis Spò Grèk la pwomèt pou l fè yon pase men nan lwa ki pouse federasyon football entènasyonal radye peyi a nan tout aktivite spòtif entènasyonal Lendi pase. FIFA akuze responsab yo kòm enjerans gouvènman an nan zafè federasyon an. Responsab yo gen jusko 15 Juyè pou modifye lwa a.

Federasyon football Jamayik la rejte pawòl kap pale kòm kwa federasyon ap konsidere posibilite pou l anplwaye ansye antrenè seleksyon Angle Swedwa Goran Sven Ericksson kòm antrenè Reggae Boys yo. Jounal yo di msye Eriksson nan tèt lis chwa federasyon an ap konsidere pou ranplase Wendell Downswell. An plis de Eriksson jounal yo ajoute lòt non antrenè Carlos Alberto Parreira, Jurgen Klismann, Luis Felipe Scolari.

XS
SM
MD
LG