Accessibility links

Breaking News

Yon Responsab Shaolin-Kung Fu pral Asiste Final Koup du Mond la


Football

Responsab tanp Shaolin-Kung-Fu, Abbot Shi Yongxin, deklare jodi a prezidan FIFA a Sepp Blatter envite l pou l al asiste final koup du mond la an Almay dimanch. Tamp art marsyal la ekziste sa gen mil 500 ane

Prezidan FIFA a Sepp Blatter pa ekate posibilite pou ta gen yon 4 trièm abit sou teren an pou diminye erè. Msye Blatter di esè yo ankourajan nan Malezi ak Sao Paulo men pa satisfè an Novèj ak Itali.

Frans ak Pòtugal ap rankontre jodi a nan semi koup du mond la pou detèmine pwochen advèsè Itali pou final koup du mond la ki fikse pou Dimanch. Itali rive nan final gras ak yon viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Almay-gòl ki make mwens ke 2 minit avan fen 2 zièm mitan pwolongasyon an.

Kontrèman ak sa moun tap atann meday alman yo chante lwanj pou seleksyon an malgre Itali elimine yo. Jounalis yo mande pou travay la kontinye. Prezidan Federasyon football Meksik la Alberto de la Torre anonse li pap renouvle kontra antrenè a Arjanten Ricardo Lavolpe.

Antrenè Brezilyen Zico siyen yon kontra ak klub football Turk Fernerbahce. Zico te demisyone nan tèt seleksyon japonè a apre seleksyon an te elimine depi nan premye tou koup du mond la.

Isit Ozetazuni D-C United kale FC Dallas 1 a 0 pou l rete nnan tèt klasman jeneral la ak 38 pwen. Chikgao Fire ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0. Colombus Crew 1 a 1 ak Dinamo. Kolorado Rapids woule New England Revolution 3 a 2. Real Salt Lake fè match nul 0 a 0 epi L A Galaxis ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan New York Red Bulls

Cyclisme

Otorite yo ap ankete siklis Alman Joerg Ludewig ki sanble li ta chache achte yon substans dopaj an 1998.

Siklis Ostralyen Robbie McEwen ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la pandan ke bèlj Tom Boonen rete nan tèt klasman jeneral la ak yon sekond devan Ostralyen Michael Rogers ak ameriken George Hincapie.

Doktè ki mele nan skandal dopay an espay fè konnen li trete non sèlman footbalè men tou jwè tenis, atlèt. Gouvènman espayòl la fè deklare yè Madi a pa gen oken footbalè ou byen jwè tenis ki enplike nan ankèt yap men-nen kont doktè Eufemiano Fuentes-ansyen doktè ekip siklis Kelme and Once. Dapre yon rapò la polis di ankèt yap men-nan gen pou wè ak plis pase 50 siklis. Fuentes, ki di li inosan, te pami 5 moun otorite yo te arete e akuze pwovizwaman an Me lè la polis te sezi dròg ak san konjele nan yon klinik nan vil Madrid an Espay

Basketball

Ben Wallace kap jwe nan Detroit Pistons ap kite ekip la pou l al jwe nan Chikago Bulls apre li siyen yon kontra 4 tran pou anviwon 50 milyon dola. Miami Heat ki sot ranpòte tit NBA a pwolonje kontra Dwayne Wade pou plis pase 80 milyon dola sou yon periòd 5 kan. Kontra a ke jounal Florid Sun Sentinel rapòte kapab siyen 12 Juyè premye jou jwè kontra yo ekspire kapab siyen nouvo kontra.

XS
SM
MD
LG