Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Di Li Regrèt Ensidan Kote Gadyen Lapè yo Te Chache Fouye Machin Yon Senatè


Yon pòt-pawòl Misyon L'ONU ann Ayiti a, MINUSTAH, eksprime regrè pou ensidan kote sòlda etranje ta eseye fouye machin yon Senatè, tandiske yon depite plenyen tou pou menm tretman an. Pòt-pawòl la di malgre yo poko fin gen dout detay ensidan an, si se vre sa te pase jan Senatè a rakonte l' bay laprès la, yo regrèt sa e yo pral travay ak gadyen lapè yo pou yo respekte pwoteksyon lalwa bay manm Palman ayisyen an kont arestasyon.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj Rotchild François, Jr. a ak lòt nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG