Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Pral Tanmen Ratifikasyon Chèf Polis la


Se jodi madi 20 jen 2006 la ratifikasyon Mario Andrésol kòm Chèf Polis Nasyonal Ayiti a, pou yon peryòd twazan.

Prezidan René Garcia Préval kenbe Msye Andrésol nan djòb gouvènman tranzisyon an te ba li ane pase a. Divès sektè nan peyi a, e responsab nan MINUSTAH, deja manifeste soutyen yo piblikman pou chwa Prezidan Préval fè pou dirije Polis la. Nan Sena a, kèk manm Gran Kò a anonse yo pral poze Andrésol kesyon difisil sou sitiyasyon sekirite ak vyolans nan kapital la, Pòtoprens.

Depi kèk jou, kidnapping ak asasina rekòmanse pi rèd e ata polisye ap viktim seryezman nan ensekirite sa a.

Renan Toussaint gen yon repòtaj konmplè. Pou w ka tande l, ansanm ak lòt nouvèl Ayiti pou jodi madi a, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG