Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jounen Mondyal Refijye yo


Jodi madi 20 Jen an, se Jounen Mondyal Refijye yo, yon jounen l’ONU mete sou kote pou atire atansyon sou sò plizyè milyon moun ki retounen nan peyi yo --oubyen nan vil ou vilaj yo-- aprè yon bon tan yo pase nan kan refIjye lòt kote.

Nan okazyon sa a, Wo Komisè l’ONU pou Refijye a, Wendy Chamberlain, pibliye yon rapò ki fè konnen nan 4 tran ki pase yo, anviwon 6 milyon refijye retounen lakay yo, e kantite moun deplase k’ap viv nan kan refijye na lòt peyi jounen jodi a, monte rive 8 milyon 400 mil --se kantite ki pi piti a nan 26 zan. Sepandan, rapò a ensiste pou l di lagè sivil lakoz 25 milyon moun kite kay yo pou yo ale viv lòt kote andedan pwop peyi yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute tout repòtaj la

XS
SM
MD
LG