Accessibility links

Breaking News

Yon Fanatik Angola Reyaji Sou Mondyal la


Mondyal 2006 la ap kontinye nan peyi Almay e jiskaprezan pa vrèman gen gwo sipriz. Jodi vandredi 16 jen an, twazyèm e dènye match jounen an te mete fas pou fas nan vil Hanòv Angola ak Meksik. Skò final: 0-0, malgre Angola fini ak 10 jwè. Gadyen an, Joao Ricardo te fantastik. Anvan match la, nou te pale ak yon Angolèz ki nan zòn Washington, DC, Elza Vanva Justino. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w'koute kòmantè li yo.

Anvan match Angola-Meksik la jodi a, Ajantin te toupizi Sèbi-Montenegro 6 a 0 tandiske La Oland te lite anvan li kale Côte d'Ivoire 2 a 1. Afich samdi yo: 9è dimaten: Portugal Iran, a midi sonan: Tcheki-Ghana, e a twazè apremidi Itali-Etazini.

XS
SM
MD
LG