Accessibility links

Breaking News

Twoup Ameriken yo Touye Abou Moussab Al-Zarqaoui, Lidè Al-Qaida nan Irak la nan Yon Bonbadman Aeryen


Abou Moussab Al-Zarqaoui, lidè Al-Qaida kap goumen nan Irak la, pèdi lavi l' nan yon atak twoup ameriken yo lanse mèkredi swa sou yon kay nan Bakouba, yon rejyon nan nò vil Bagdad, kapital Iraq. Lèzetazuni te akize Zarqaoui kòm koresponsab kanpay eksplozyon, atak kamikaz, kidnapings ak zak asasinay--prensipalman kont twoup koalisyon an ak sitwayen ameriken mouvman li an te pran kòm otaj, koupe tet-yo-- epi apre montre zak sa a nan videyo sou entènèt la. Gouvenman Bush la te ofri yon prim 25 milyon dola pou tout enfomasyon ki ta ede arete ou elimine lidè teworis la. 7 lòt kolaboratè Zarqawoui mouri avèk li nan bonbadman an. Prezidan George W. Bush di ''lanmò Abou Moussab Al-Zarqawi se yon gwo kou pou rezo Al-Qaida a, paske ideyoloji teworis la pdèi youn nan lidè pi vizib e pi agresif li yo''.

Ale sou ralonj anlè atik la pou devlopman nouvel sa a

XS
SM
MD
LG