Accessibility links

Breaking News

FIFA Deside Chanje Sistèm Klasman Ekip Mondyal yo


Football

FIFA anonse li pral revize sistèm klasifikasyon seleksyon nasyonal yo. Premye vèsyon ap publiye le 12 Juyè 3 jou apre final koup du mond Almay 2006 la. Nouvo sistèm nan ap pran an konsiderasyon match ki jwe pandan 4 dènye ane yo kontrèman ak sistèm aktuèl la ki pran an konsiderasyon rezulta pandan 8 dènye ane yo. Lòt faktè otorite yo pran an konsiderasyon se enpòtans match la, fòs ekip la, kantite gòl ki make ak kantite gòl ankese epi si rankont la te jwe a domisil ou byen an deplasman. Nouvo sistèm ap utilize menm faktè yo men konsiderasyon yo diferan.

Responsab ameriken yo kapab respire apre yo apre blesu kapitèn ekip la Claudio Reyna tesubi nan dfèt 1 a 0 kont Maròk--eh byen blesu a pa grav. Reyna pap kapab jwe 2 pwochen match amikal Etazuni gen pou jwe kont Venezuela demen Vandredi a epi kont Letoni Dimanch.

Match amikal entènasyonal Novèj fè match nul ak Paragwe 2 a 2 pandan ke Ongri woule Nouvèl Zeland 2 a 0 nan kad match chofe jarèt. Ekwatè fè match nul 1 a 1 ak Kolonbi nan kad youn pami 2 match chofe jarèt Ekwatoryen yo ap jwe avan yo mete tèt pou Almay.

Komite Òganizatè koup du mond la aprouve tapi an gazon atifisyèl ki enstale nan stad Hanover a. Sa vle di kounye a tout stad yo gen gazon atifisyèl ki satisfè kondisyon yo.

Fè divè sou koup du mond Almay 2006 la. Gadyen seleksyon Arabi Sawoudit la Mohammed Al Deayea ak 181 match entènasyonal pou seleksyon. Msye ap patisipe nan 4 trièm koup du mond ane sa a. An 2 zièm pozisyon nou jwen Meksiken Claudiou Suarez ak 176 rankont pou seleksyon an--san bliye 13 lòt ki jwe 100 match ou plus. Meksik ak Japon rete seleksyon ki gen an mwayèn 45 seleksyon answit nou Gana ki gen jwè ki patisipe nan 15 match entènasyonal.

Brezil se sèl peyi ki patisipe nan tout 18 koup du mond yo. Brezilyen Cafu jwe 16 koup du mond pou seleksyon an answit nou jwen Ronaldo ak 14 rankont koup du mond, Roberto Carlos ak 13 rankont. Franse Fabien Bartez, Sawoudyen Mohammed Al Deayea ak 10 match koup du mond yo chak

Jwè ki pi kout pami seleksyon nasyonal yo se Ektwatoryen Christian Lara ki mezure 162 santimèt. Gen 3 lòt jwè ki mezure 202 santimèt-Tchèk Jan Koller, Ostralyen Zeljko Kalac ak Sèbo/Montenegren Nikola Zigic. Angle Theo Walcott se pi jè n seleksyone nan koup du mond la. Msye kapab tounen pi jèn jwè ki enskri yon gòl pandan yon koup du mond.

Tunizyen Ali Boumnijel pou yon 5 kièm fwa afile ap tounen jwè ki pi aje ki patisipe nan yon koup du mond ak 40 tan--tankou Kamerounè Roger Milla, Irlandè Pat Jennings, Angle Peter Shilton ak Italyen Dino Zoff te fè l. Laj mwayèn 736 jwè kap patisipe nan koup du mond la se 27 tan e 4 mwa.

Mwayèn jwè ki pi aje nan seleksyon yo se Republik Tchèk, Frans ak Trinidad and Tobago swa 29 van e 1 mwa aloske mwayèn jwè ki mwen aje yo se seleksyon Gana a ak 25 akn 2 mwa. Alman Miroslav Klose ap gen 28 tan men jou Almay ap louvri koup du mond la fas a Kosta Rika.

Koup du mond Almay la se okazyon pou Brezilyen Ronaldo swa egalize ou byen depase rekò Alman Gerd Muller te bat apre li te make yon total 14 gòl. Ronaldo make 12 gòl nan 3 koup dènye koup du mond yo. Prèske yon kar nan total 736 jwè yo swa 174 patisipe nan yon koup du mond FIFA òganize pou jè yo. 67 pami yo patisipe nan yon koup du mond kadè epi 134 te patisipe nan yon je zolenpik. Ajantin gen 8 footbalè ki te ede Arjantin ranpòte meday dò nanje zolenpik Atè n 2004 yo--Hernan Crespo ak Roberto Ayala te patisipe nan je zolenpik Atlanta yo. Paragwe gen 4 jwè ki te ede l ranpòte meday de bronz nan je zolenpik Atèn 2004 yo.

Gadyen seleksyon Ameriken Kasey Keller te jwe nan koup du mond kadè FIFA AN 1987 ak koup du mond Juniò a an 1989 avan li te vinn fè pati seleksyon nasyonal ameriken an 1990. Pami 32 kalifye yo jwè nan 5 seleksyon ap pote menm mayo yo te pote nan dènye koup du mond la. 11 jwè nan seleksyon franse a ap pote menm mayo yo te pote an 2002.

Seleksyon ameriken an ap gen 9 jwè kap pote menm numewo yo pote an 2002. Pami 11 jwè brezilyen ki te ranpòte koup du mond 2002 a 4 pami yo ap pote menm numewo a. Cafu ak numewo 2, Lucio numewo 3, Roberto Carlos numewo 6 epi Ronaldo numewo 9.

Plizyè nouvo jwè pral pote numewo yon seri de ansyen vedèt. Arjanten Lionel Messi ap pote numewo 19 kapitèn seleksyon an Daniel Passerella te pote an 1978. Juan Riquelme ap pote numewo 10 -menm numewo Mario Kempes te pote an 1978 ak Diego Maradona an 1982-1994. Brezilyen Adriano ap pote numewo 7 menm numewo Garrincha te pote an 1962 ak Jairzinho an 1970-1974.

Tout jwè seleksyon Itali ak Arabi Sawoudit ap evolye nan chanpyona nasyonal peyi a. 23 jwè seleksyon Kot Divwar la ap evolye nan chanpyona etranje.

Kontrèman ak sa moun kwè gen supèstisyon nan football tou.. Antrenè seleksyon Espay la konsidere koulè jo n pote move chans. Brezil gen pwoblèm ak numewo 13. Zagallo, kap patisipe nan 7 tièm koup du mond li, fè konnen numewo 13 pote chans akoz gen 13 lòt ki fòme non antrenè Carlos Alberto. Italyen Gionvanni Trapattoni kwè beni jwè yo kapab pote chans aloske antrenè franse Raymond Domenech konsidere siy zodyak jwè yo pou l seleksyon yo.

Menm lè abit yo pap sèvi ak radyo komunikasyon pandan koup du mond la yo kapab sèvi ak yon seri de senbol pou komunike youn ak lòt pou ede idantifye yon fò abit santral la pa wè. Pa ekzanp yon jwè ki tonbe nan ti kare a e ke abit santral la pa ta wè-li sufi pou l gade juj de liy la--si msye leve drapo a sou kè l- li vle di penalite. Si juj de liy la mete menm nan pòch mayo a sa vle di katon wouj ou katou jo n. Si juj de liy la retounen nan sant teren an apre yon balon frape nan bar transvès la e gen pwoblèm pou konnen si boul la tonbe dèyè liy la vle di tou senpleman gòl.--si l pa deplase vle di balon an pa gòl. Gen lè abit yo gen yon bouton nan drapo a ke yon peze pou siyale abit la yon fot--sa a difisil pou publik la obsève

Ostrali kale chanpyon sòtan an la Grès 1 a 0 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe nan Melbourne an Ostrali. Se dènye rankontre Ostralyen yo jwe avan yo ale nan la Oland kote yo pral rankontre ak seleksyon lokal la le 4 Jwen. Dènye fwa Ostrali te patisipe nan yon koup du mond se te an 1974. Ostralyen yo ap louvri koup du mond la le 12 Jwen kont Japon answit kont Brezil ak Kwasi nan group F la.

Tennis

Chanpyon sòtan tounwa tenis entènasyonal Otrichyen Rus Nikolay Davydenko kalifye pou kar de final la apre li pase espayòl Ramirez Hidalgo 6-2, 6-4. Msye pral rankontre ak Italyen Potito Starace ki elimine espayòl Nicolas Almagro 4-6, 6-4, 6-1. Lòt jwè ki kalifye Peruvyen Luis Horna, Andrei Pavel.

Alman Anna-Lena Groenefeld ak Izrayelyen Shahar Peer kalifye pou semi final tounwa tenis Istabul la ansanmak Olandè Michaella Krajicek.

Natasyon

Chanpyon natasyon 5 fwa olenpik Ostralyen Ian Thorpe deside rate 3 tounwa Eropeyen pou l kapab antrene lakay li.

NBA

Aswè a Miami Heat pral lakay Detroit Piston. Miami te ranpòte premye rankont la. Yè swa Boris Diaw make yon dènye panye ki pèmèt Phoenix Suns ranpòte yon viktwa 121 a 118 devan Dallas Mavericks nan final konferans de Lwès. Diaw make 34 pwen nan viktwa pandan ke Kanadyen Steve Nash kore viktwa a ak 27 pwen e fè 16 pas ki make pwen. 2 ekip yo ap rankontre demen Vandredi a.

XS
SM
MD
LG