Accessibility links

Breaking News

Donatè Entènasyonal yo Pwomèt Pou Yo Kore Nouvo Gouvènman Ayisyen an


Nan yon konferans ki dewoule madi 23 me a nan Brasilia, nan peyi Brezil, donatè nan rejyon Amerik yo ak 7 lòt nasyon pran angajman pou yo soutni pwochen gouvènman ayisyen an.

Dapre korespondan nou Jn-Pierre Leroy, ki te fè deplasman an pou kouvri evènman an, donatè yo vle pwolonje Kad Kooperasyon Enterimè a epi yo anonse yon lòt konferans pou 25 jiyè k'ap vini an, fwa sa a nan Pòtoprens.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute repòtaj Leroy a ak lòt nouvèl korespondan nou yo pou jodi 24 me a.

XS
SM
MD
LG