Accessibility links

Breaking News

Gwoup Dwa Moun Nan Pòtoprens Kritike Atitid MINUSTAH Vizavi Gang yo


RNDDH, abreje fransè pou Rezo Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen, kritike misyon l'ONU ann Ayiti a, MINUSTAH, daprèzavwa li pito negosye ak gang yo, pa egzanp nan Site Solèy, san li pa chache dezame yo toutbon.

Gwoup dwazimen an parèt ak pozisyon sa a apre yon ensidan kote yon wo-grade brezilyen sanble te pase yon moman kòm otaj anba men gang Site Solèy. Moun nan zòn nan di Kolonèl Oldair te anba men gang yo, sepandan nan yon rankont ak laprès yon pòt-pawòl MINUSTAH, David Wimhurst, demanti nouvèl la.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj Renan Toussaint an.

XS
SM
MD
LG