Accessibility links

Breaking News

Prezidan FIFA a Sepp Blatter Kapab Chache yon lòt Manda


Football

Prezidan FIFA Sepp Blatter ki tap reponn kesyon 40 jounalis entènasyonal chante lwanj pou travay komite òganizatè koup du mond alman an reyalize. La vant tikè yo rete yon kesyon cho responsab gen pou fè fas jusko 9 Juyè. Prezidan FIFA a kontinye ap poze kesyon sou posibilite pou kenbe yon sistèm sekurite djam jus nan konpetisyon an. Komite disiplinè FIFA ap analize tout rankont yo epi entèvenu kote abit yo ta echwe. Tout moun ki enplike de prè oou de lwen nan koup du mond la pral siyen yon dokuman kote yap rejte rasism. dopaj epi deklare li menm ak tout manb fanmi l pa pral parye.

Peyi ki komèt yon enfraksyon pandan konpetisyon an kapab pèdu 3 pwen-6 pwen pou yon 2 zièm ofans nan ka yon ensidan rasyal sou teren an. Menm lè mezu sa yo ap antre an aplikasyon 1 Juyè, responsab FIFA yo kwè li dwe kòmanse pandan dewoulman koup du mond la. FIFA ap anonse peyi kap òganize koup du mond 2014 la an 2008. Konpetisyon an ap dewoule nan yon peyi an Amerik du Sud. Msye Blatter di li ta renmen pran yon lòt manda nan tèt òganizasyon football entènasyonal la.

Defansè seleksyon Brezil la Kafu kapab egalize ak Pele kòm jwè ki ranpòte 3 koup du mond ansanm ak Ronaldo ki te rezèv nan seleksyon 1994 la--si Brezil ranpòte konpetisyon an. Msye kapab tounen sèl brezilyen ki jwe nan 4 koup du mond youn dèyè lòt e sèl kapitèn kapab leve trofe a 2 fwa. Msye kapab tounen premye footballè ki jwen plis match football nan istwa koup du mond. Regrè Cafu se koup dè chanpyon Eropeyen an li pa rive ede Milan A C ranpòte.

Seleksyon Alman an rive yè Dimanch la an Swis kote li pral antrene an preparasyon avan yo rankontre ak Luxembourg 27 Me. Alman yo gen pou rankontre ak Japon nan Leverkusen le 30 Me epi Kolonbi le 2 Jwen nan Monchengladbach avan yo retounen nan baz yo nan Berlen le 5 Jwen.

Angola se 3 zièm seleksyon ki rive an Almay apre Togo ak Kosta Rika. Ghana, Japon ak Arabi Sawoudt gen pou rive semen sa a. Yon bank nan Togolè pwomèt pou l bay chak jwè Togolè ki make yon gòl pandan koup du mond la 5 mil dola. 50 mil dola pou chak viktwa seleksyon an ranpòte.

Footbal kontinye ap vinn popilè isit Ozetazuni tèlman vre pou la premyè fwa tout 64 match yo ap retransmèt nan televizyon ameriken sou chèn ABC ak ESPN. ABC ap difuze 12 match an dirèk epi ESPN ap retransmèt 21 rankont an dirèk. Lòt 31 rankont yo ap retransmèt so chèn televizyon ESPN2. 2 chèn televizyon sa yo dwe jwè dwa pou retransmisyon match an Anglè pou koup du mond 2010 ak 2014.

Seleksyon nasyonal ameriken mete fen nan 10 jou antrenman yo tap fè nan Cary an Karolin du Nò kote yo sot prepare pou 3 match chofe jarèt avan yo mete tèt pou almay. Ameriken yo ap akeyi Maròk demen Madi a nan Nashville an Tennessee avan yo rankontre ak Venezuela Vandredi nan Cleveland Ohio. Dimanch kont Letoni na East Hartford Connecticut. Antrenè Bruce Arena mande jwè yo pou pa fè twòp eksè e rezève efò a pou premye tou koup du mond la.

Tennis Klasman

Swis Roger Federer toujou rete numewo 1 tenis mondyal maskulen an pandan ke franse Amelie Mauresmo rete tèt kategori meda m yo depi 9 semen afile.

Swis Martina Hingis kale Rus Dinara Safina 6-2, 7-6 pou l ranpòte tounwa tenis Open Itali a--premye tit Hingis ranpòte depi li te abandone retrèt li an Janvye 2006. Viktwa sa a bay Hingis yon bourad avan li al patisipe nan tounwa tenis Ronland Garos la sèl tounwa Gran Shelem manmzèl poko ranpòte nan karyè l.

Jwè tenis Espayòl Tommy Robredo kale Tchèk Radek Stepanek 6-1, 6-3, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis dè mèt Hambourg yo.

Chanpyon sòtan tounwa tenis mondyal par ekip Almay kale Itali 2 a 1 pandan ke Chili toupizi Espay 3 a 0. Tounwa a ki gen 8 peyi kap patisipe landan divize an 2 group de 4.Arjantin, Republik Tchèk, Almay ak Itali trouve yo nan group Wouj la pandan ke Etazuni, Chili, Kwasi ak Espay konpoze group Ble a.

Atletisme

Rashid Ramzi se premye atlèt Baren ki ranpòte kous atletis sou teritwa ameriken. Msye kouvri kous mil 500 mèt la an 3 minit 32.4 santièm sekond. Ameriken Marcus Brunson ranpòte kous 100 mèt la. Jamayiken Veronica Campbell ranpòte kous 100 mèt feminen an epi ameriken Wallace Spearmon ranpòte kous 200 mèt la.

NBA

Nan konferans de Lwès aswè a nou pral konnen finalis yo lè San Antonio Spurs ap akeyi Dallas-seri a 3 viktwa chak kote. Los Anjeles Clippers pral lakay Phoenix Suns- seri a 3 viktwa chak kote. Detroit Pistons fren-nen Cleveland Cavaliers 79 a 61 nan okazyon 7 tièm rankont pou kalifye nan final Konferans de Lès la fas Miami Heat kap kòmanse demen Madi a.

XS
SM
MD
LG