Accessibility links

Breaking News

Fanatik Football Espayòl yo Selebre Viktwa Ekip la


Football

Plis pase yon milyon fanatik football te desann la ri a pou selebre koup dè chanpyon FC Barselon sot ranpòte apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Arsenal. Fèt la te kontinye nan stad Kan Nou ak tout kalite muzik ak kout tanbou. Obsèvatè yo konsidere Barselòn rete kòm meyè football sou kontinan Eropeyen an apre yo ranpòte non sèlman koup dè chanpyon an men tou chanpyona Lig Espayòl la.

Kapitèn ekip Arsenal franse Thierry Henry fè konnen lap kontinye jwe nan Arsenal sezon pwochen an apre defèt ekip la sot subi nan final koup dè chanpyon Eropeyen an. Nouvèl sou koup du mond la --football Brezilyen, ki te nan seleksyon ki sot ranpòte koup konfederasyon an sa gen yon lane-di li ta renmen ranpòte koup du mond la avèk Brezil. An 1994 Bulgar Hristo Stoikov make 6 gòl nan koup du mond ki te dewoule Ozetazuni pou l te ranpòte balon dò FIFA a kòm meyè butè men malerezman Rus Oleg Salenko te pataje onè a apre li te make 5 gòl nan viktwa 6 a 1 Rusi te ranpòte kont Kameroun. Oleg Salenko ki te deja make yon gò kont la Swèd, te pataje balon dò a.

9 jwen swa yon jou avan Trinidad and Tobago rankontre ak la Swèd--responsab vil Dortmund yo kote rankont la pral dewoule fè konnen yap òganize yon swa Karayibeyen ak muzisyen kap soti nan zile a kap fè premye vwayaj li nan yon koup du mond. Youn pami espektak yo se trinidadyen ki pral pase anba yon bar ki pap piwo ke yon boutèy koka kola.

Mitan teren Brezilyen Ze Roberto a ap kite chanpyon an tit Alman Bayern de Munick apre pati konsène yo pa jwen yon antant. La polòy anonse lap jwe 3 lòt rankont avan debu koup du mond la.

Polonè yo ap jwe yon rankont chofe jarèt kont yon klub alman, ak Kolonbi ak Kwasi avan yo rankontre ak Ekwatè nan koup du mond la. Tchèk Tomas Galasek ap kite klub Olandè Ajax Amsterdam pou l apre li siyen yon kontra ak 2 zan ak klub Alman Nuremberg nan Bundersliga a. Msye rejte yon nouvo kontra responsab Ajax yo te ofri l. Footbalè Ostralyen John Aloisi, ki te ede Ostrali kalifye pou faz final la apre penalite ki te elimine Urugwe nan match de baraj la, fè konnen Brezil gen anpil presyon pou l reponn ak atant ki fè l favori pou ranpòte trofe a pou yon 6 zièm fwa.

NBA Elton Brand make 30 pwen epi trape balon an 12 fwa pou ede Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa 118 a 106 devan Phoenix Suns nan semi final konferans de Lwès la-viktwa ki pèmèt eliminasyhon Clippers yo ki egalize seri a 3 viktwa chak kote. Aswè a nan Cleveland Cavaliers ap akeyi Detroit Pistons. Cleveland ap men-nan 3 viktwa kont 2 defèt. San Antonio Spurs kont Dallas Mavericks--Seri 3 viktwa kont 2 defèt an favè Dallas.

XS
SM
MD
LG