Accessibility links

Breaking News

USA-Imigrasyon: Reyaksyon Nan Kongrè a


Malgre apèl misye Bush lanse bay Lachanm pou palmantè yo voye ba li yon pwojè-lwa li ka siyen fasilman, sanble pa tèlman gen anpil nan yo ki panse depite yo ak senatè yo kapab rive jwenn yon antant sou kesyon an avan dewoulman eleksyon lejislativ yo ki fiske pou mwa Novanm nan. Moun ka wè rezistans sa a nan yon deklarasyon ki sòti nan biwo depute Marsha Blackburn (yon Repibliken Eta Tennesse) ki fè wè palmantè konsèvatè yo pa dispoze pote okenn chanjman nan yon pwojè-lwa yo te prepare sou dosye imigrasyon an depi nan mwa Desanm ane pase a.

Koute deklarasyon Madam Blackburn nan ak lòt reyaksyon ki soti nan Kapitòl la sou dosye imigrasyon an. Fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG