Accessibility links

Breaking News

Brezil Toujou nan Tèt Klasman FIFA a


Football

Pa gen chanjman ki fèt pami 3 premye seleksyon mondyal klasman FIFA publiye chak mwa. Brezil, Republik Tchèk ak la Oland okipe 3 premye plas yo. Meksik amelyore pou l okipe 4 trièm plas la devan Etazuni. Espay toujou klase 6 zièm. Epi Portugal ak la Frans boukante plas. Arjantin klase 9 vièm epi Angletè okipe 10 zièm plas la.

La tè pral tranble jodi a nan vil Pari nan okazyon final Lig dè Chanpyon Eropeyen an lè klub football Angle Arsenal pral woule balon fas a klub Espayòl FC Barselòn. Arsenal espere tounen 6 zièm klub Britanik ki ranpòte koup dè chanpyon an. Celtic Glasgow se premye klub Britanik ki te ranpòte trofe a an 1967. Liverpool ranpòte l 5 fwa. Manchester United ak Nottingham Forest ak Aston Villa ranpòte trofe a yon fwa. Bò kote Espayòl yo Real Madrid se sèl klub ki ranpòte trofe a. Real Madrid gen yon rekò 9 tit epi Barselòn gen yon tit li te ranpòte an 1992.

*Plizyè tribunal alman fè konnen patnè komèsyal FIFA yo se sèl antite ki otorize fè publisite sou koup du mond la. Gen pwovizyon legal ki fèt pou tout moun ki tra vyole prensip konsènan publisite pou Mondayl-la.

*Anpil reayaksyon negativ nan mitan seleksyon espayòl apre desizyon antrenè pran pou pa ale ann Almay ak atakan Liverpool la Fernando Morientes ki sanble ta gen plis eksperyans ke yon seri de jwè ki fè pati seleksyon nasyonal la.

*Alman Kevin Kuryani pran yon gwo sezisman apre antrenè Klisman pa figure nonn pami 23 jwè seleksyon an. Msye di li pral pase plizyè sware san li pa kapab dòmi.

*Footbalè Arjanten Lionel Messi lanse yon avètisman bay Brezil pou l fè konprann mete bab li a latranp e ke li pa bezwen kwè nan kòmantè ki bay yo favori pou ranpòte koup du mond la pou yon 6 zièm fwa. Msye di li pa kapab tann pou wè jou konpetisyon an ap demare.à Seleksyon Kosta Rika a kap louvri koup du mond fas a lAlmay ap rive jodi a an Almay

Tennis

Jwè tenis ameriken Lindsay Davenport pap patisipen nan tounwa tenis Roland Garos la akoz yon blesu. Ukrenyen Yuliana Fedak ap ranplase Danvenport nan tounwa a kap kòmanse nan fen mwa a.

Ansyen chanpyon tounwa tenis Roland Garos la Arjanten Gaston Gaudio ak Alman Nicolas Kiefer elimine nan tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan vil Hambourg an Almay. Franse Gilles Simon te bezwen 3 manch pou l kale Arjanten an 6-4, 3-6,64 pandan e Belarus Max Mirnyi pase alman an 2 kout rakèt 6-2, 6-2.

Nan tounwa entènasyonal Italyen an kap dewoule nan vil Wòm Rus Dinara Safina te bezwen 2 manch 6-4, 6-4 pou l kale Italyen Maria-Elena Camerin. Tounwa sa yo antre nan kad tounwa chofe jarèt avan tounwa tenis Roland Garos la kap kòmanse nan fen mwa Me a.

Atletisme

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la di te gen yon erè nan kronomèt ki te fè kwè ameriken Justin Gatlin te bat yon rekò nan konpetisyon Grand Prix Katar la. Atlèt ameriken an te fini 9 pwen 76 sekond swa yon santièm devan rekò Jamayiken Asafa Powell te bat( 9.77). Sepandan responsab yo di tan reyèl Gatlin nan se pito 9 pwen 66 ou byen 9 pwen 77 ki egalize kapab egal /ego ak kourè Jamayiken an.

NBA

Miami Heat kalifye pou final Konferans de Lès-la (semi-final nasyonal) apre viktwa de justès li ranpòte devan New Jersey Nets 106 a 105 gras a 2 pwen Dwayne Wade make yon sekond avan fen tan reglemantè a . Miami ranpòte seri 7 match la ak 4 viktwa kont 1 defèt. Miami ap rankontre nan final la ak venkè seri rankont ant Detroit ak Cleveland Cavaliers ki a egalite 2 viktwa patou-e kap rankontre jodi a nan Detroit. Situasyon an diferan nan konferans de Lwès la kote Phoenix Suns te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Los Anjeles Clippers 125 a 118 malgre yo tap men-nen ak 19 pwen davans pandan 3 ziém kadè a. Phonix Suns ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt. Rande vou demen swa nan Los Anjeles.

XS
SM
MD
LG