Football
Klub football espayòl F C Seville tronse klub football Angle Middlesbrough 4 a 0 pou l ranpòte pou la premye fwa koup Unyon Football Eropeyen an. Barselòn ap rankontre Mèkredi pwochen ak Arsenal nan final koup dè chanpyon Eropeyen an kap dewoule an deyò vil Pari an Frans.
Nouvèl sou koup du mond la antrenè seleksyon Kore du Sud la Olandè Dick Advocaat non-men 23 jwè seleksyon Koreyen ki pral patisipe nan koup du mond Almay 2006 la. Advocaat konvoke 10 jwè ki te patisipe nan dènye koup du mond la ak 13 nouvo lòt. Sud Koreyen yo trouve nan group G a ansanm ak la Frans, la Swis ak Togo. Koreyen yo ap antre nan won fas ak Togo le 13 Jwen nan Frankfurt.
FIFA retire plent li te depoze pou yon tribunal bloke publikasyon yon liv ki denonse korupsyon ki gen nan òganizasyon football entènasyonal la. FIFA fè konnen li pap kouche an kwa kont publikasyon liv ki rele: “Foul” ke jounalis britanik Andrew Jennings ap publiye.
Federasyon Football Italyen pran angajman pou l enfòme FIFA sou dosye abit Italyen Massimo De Santis, ki figure sous lis abit ofisyèl òganizasyon football entènasyonal la seleksyone pou dirije kèk pami match koup du mond la, e ke nonn ap site nan skandal fooball ki frape football Italyen an. Massimo De Santis te rann nan vil Naples yè Mèkredi a apre yon seri de jounal te site nonn pami abit ki ta fè magouynan yon seri de rankont. Otorite la justis yo pa konfime yo pral kesyone abit la. Pa mezu de prekosyon sekretè jeneral federasyon an voye yon lèt tou louvri bay FIFA pou l enfòme de sityuasyon an
Kapitèn seleksyon Alman an Michael Ballack fè konnen li pa kapab pale de pèfòmans seleksyon Alman an nan pwochen koup du mond akoz twòp jè n jwè fè pati seleksyon an. Msye mande fanatik yo mete tranpe bab yo akoz kapab gen supriz nan konpetisyon an. Ballack di o mwen seleksyon an ta dwe rive nan kar de final ou byen semi final koup du mond la kap kòmanse nan mwens ke yon mwa. Malgre predisksyon sa a Klinsman rete kwè yo kapab ranpòte koup du mond la tèlman vre alman yo deja rezève yon otèl nan vil Berlen kote final la gen pou dewoule 10 Juyè.
La polis Polonè ak Alman patisipe nan yon seyans d'antrenman nan fwontyè 2 peyi yo pataje nan kad prevansyon kont machann dezagreman ki kapab kreye la troublay pandan dewoulman koup du mond la. Seleksyon Alman ak Polonè gen pou rankontre nan koup du mond la nan Dormund le 14 Jwen. An Novanm pase machann dezagreman polonè ak alman te boukante kout pwen dapre yon randevou ki te kase nan yon rak bwa tou pre fwontyè polonè a.
La polis an Almay arete anviwon 100 moun nan okazyon yon desant de lye yo fè nan yon seri de mezon kote meda m yo ap pratike pwostitusyon an kachèt. Pwostitusyon legal nan peyi a kote gen anviwon 400 mil ki gen lisans pou pratike pwofesyon an. Nan yon lokalite otorite yo idantifye 603 pwostitue lega l pandan yo arete 74 lòt ki pat gen dokuman legal.
Seleksyon Trinidad and Tobago la rache yon match nul 1 a 1 nan men Perou nan kad yon amikal entènasyonal ki jwe ant 2 ekip yo yè swa nan nasyon Karayib la. Trinidad and Tobago ap patisipe pou la premyè fwa nan yon koup du mond.
Footbalè Japonè Shinji Murai pap fè pati seleksyon ki pral patisipe nan koup du mond apre responsab yo fè konnen msye bezwen 6 mwa pou geri ak yon pwoblèm nan jenou--yon blesu li te soufri pandan match amikal Japon sot jwe ak Bulgari semen pase a. Antrenè Brezilyen Zico gen pou publiye lis definitif la Lendi.
Antrenè Ekwatè a, Luis Suarez, ki publiye lis 23 jwè seleksyon an, di pifò jwè ki nan seleksyon an te patisipe nan kanpay eliminatwa koup du mond zòn Amerik du Sud la.
NBA
Miami Heat wouze New Jersey Nets 111 a 89 pou l mete seri semi final la ak yon viktwa patou. Los Anjeles Clippers woule Phoenix Suns 122 a 97 pou l egalize seri a ak yon vikta chak kote.
Tennis
Numewo 7 tenis mondyal feminen an bèlj Justine Henin-Hardene kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Berlen an gras ak 2 kout rakèt li pase Rus Maria Kirilenko 6-1, 6-0. Manmzèl pral rankontre ak Otrichyen Sybille Bammer ou byen Svetlana. Swis Martina Hingis ki kalifye tou kapab rankontre ak franse Amelie Mauresmo ou byen Rus Anna Chakvetadze. Lòt kalifye yo se Rus Dinara Safina ak chinwea Li Na. Tounwa sa a antre nan kad yon tounwa chofe jarèt avan ouvètu tounwa tenis Roland Garos la kap kòmanse 29 Me nan vil Pari an Frans. Venkè tounwa tenis Open Berlen an ap foure nan bous li 196 mil 900 dola.
Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer ak arjanten David Nalbandian kalifye pou kar de final tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan vil Wòm an Itali.
Ajans Nouvèl Associated Press rapòte jwè tenis koup Davis ameriken Taylor Dent subi yon operasyon chirujikal nan do ak espwa pou l gen tan patisipe nan tounwa tenis Gran Shelem Wimbledon nan kap kòmanse 12 Jwen.
Atletisme
Federasyon Atletism Amatè Entènasyonal la ratifye plizyè rekò mondyal ki te bat nan konpetisyon an sal pami yo rekò atlèt Swedwa Kajsa Bergqvist te bat nan so an wotè feminen an.