Accessibility links

Breaking News

René Préval Mande Inite Nan Mitan Ayisyen yo


Prezidan-eli Ayisyen an, René Garcia Préval, lanse yon apèl pou l mande inite nan mitan fami ayisyèn nan, nan yon mesaj li mete devan pèp la nan moman nouvo palman an tap reyini yè madi a.

Se premyè fwa manm yon palman reyini nan peyi a depi dezan. Misye Preval --ki pale ak laprès nan Pòtoprens- fè ajans nouvèl Reuters konnen peyi d Ayiti pa kapab reyusi si sitwayen-n-yo kontinye batay antre yo. Dapre li, Ayisyen yo dwe travay ansanm pou yo jwenn yon vizyon komen pou peyi yo e pou pèmèt li monte sou wout devlopman nan lavni.

Nan mesaj misye Preval la, li fè konnen: “Laprès pral kapab fè travay li ak tout libète li”. E li envite jounalis yo patisipe nan yon efò dyalòg k'ap sou plas pou tabli pwogram gouvènman li pral egzekite pandan premye ane administrasyon n nan.

René Préval --ki te ranpòte eleksyon prezidansyèl yo nan mwa Fevriye a-- genyen pou li prete sèman dimanch 14 me kap vini la a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande nouvèl sa a ak repòtaj sou lòt pwen nan aktyalite a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG