Football
Yon sondaj FIFA fè revele footballè brezilyen Pele kòm meyè jè n footbalè ki patisipe nan yon koup du mond. Lis la konsidere koup du mond 1958 ane Pele te ede Brezil ranpòte yon koup du mond. Pele fini nan tèt lis la ak 61 pou 100 devan Peruvyen Teofilo Cubillas meyè jwè nan koup du mond Meksiko 70 la, Angle Michael Owens ( 1998) ak Beckenbauer
Nouvèl sou koup du mond la-- 1--Antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech pwomèt pou -l publiye lis 23 jwè seleksyon an Dimanch kap vini la a yon jou avan dat limit la. Antrenè seleksyon Ostrali a Olandè Guus Hiddink publiye lis 23 jwè seleksyon an. Dènye fwa Ostrali te patisipe nan yon koup du mond se te an 1974 Gadyen rezèv seleksyon Alman an Oliver Khan anonse lap kontinye jwe pou seleksyon an apre koup du mond la.
An match amikal entènasyonal Bulgari kale Japon 2 a 1 nan kad preparatif Japonè yo ap fè.
Klub Espayòl F C Seville ap rankontre ak klub Angle Middlebrough nan final koup UEFA a kap dewoule nan Eindhoven. 2 klub yo ap patisipe pou la premyè fwa nan yon final. Antrenè Ajax Amsterda m Danny Blind pèdu djòb la apre ekip la pa ranpòte chanpyona nasyonal la.
NBA
Detroit Pistons domine Cleveland Cavaliers nan 2 zièm rankont la ke li ranpòte 97 a 91. Lebron James te eseye ede Cleveland remonte yon defisi 20 pwen men ala fen Pistons yo finn pa ranpòte la viktwa gras a Washeed Wallace ki make 29 pwen ak Tayshaun ki kore viktwa a ak 22 pwen. Detroit ap domine seri 2 viktwa kont 0 defèt. Nan Tekzas menm Dallas Mavericks tronse San Antonio Spurs 113 a 91 pou l mete seri semi final konferans de lwès la ak yon viktwa chak kote.
Sakramento Kings ap chacche yon nouvo antrenè apre yo revoke antrenè Rick Adelman apre 8 sezon.
Tennis
Tchèk Lucie Safarova tonbe devan Slovak Magdalena Rybarikova 7-6, 4-6,4-6. Rybarikova pral rankontre ak Venezuelyen Milagros Sequera ki elimine Porto Riken Kristina Brandi 4-6, 6-4, 7-5. Franse Emilie Loit elimine Polonè Agnieszka Radwanska 6-2, 6-4.