Football
Jounalis spòtif yo non-men pou yon 3 zièm fwa footballè franse Thierry Henry kòm meyè jwè pou ane a an Angletè. Thierry, kap jwe nan Arsenal, make 23 gòl nan chanpyona Angle a epi ede klub la rive nan final Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Arsenal ap rankonre ak Barselòn an final koup dè chanpyon Eropeyen an nan vil Paris
Yon tribunal apèl alman pwononse kont Federasyon Football Entènasyonal la FIFA ki te men-nen devan la justis yon konpayi chokola Alman akoz li te sèvi ak ak slogan Fussball WM 2006 sou etikèt pwodui a--tribunal la di slogan refere a yon evenman spòtif e non yon antite FIFA.
Klub Angle Middlebrough ap rankontre an final Koup Unyon football Eropeyen an ak klub espayòl F-C Seville. Middlebrough kalifye apre li tronse Steaua de Boukarès 4 a 2 pandanke Seville kalifye gras ak yon viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan klub Alman Shalke 04. 2 ekip yo ap patisipe pou la premyè fwa nan yon final. Final la ap jwe nan Eindhoven nan la Oland 10 Me. Antrenè seleksyon Portugal la brezilyen Luiz Felipe Scolari konfime li te gen diskusyon ak federasyon football angle an ki pat fè l oken pwopozisyon konkrè pou l ranplase antrenè seleksyon Angle a Swedwa Sven Goran Eriksson apre koup du mond Almay
NBA
Aswè a faz final NBA a ap rapousib lè Cleveland Cavaliers ap vizite Washington Wizards nan kad 3 zièm rankont kar de final konferans de Lès la. Phoenix Suns pral lakay Los Anjeles Lakers nan konferans de Lwès la epi San Antonio Spurs ap fè yon kout pye lakay Sakramento Kings.
Yè swa Jermaine O’Neal make 37 pwen epi trape balon an 15 fwa pou ede Indiana Pacers kale New Jersey Nets 107 a 95. Viktwa a bay Indiana Pacers ap men-nen ak 2 viktwa kont 1 defèt nan seri 7 match kar de final la. Chikago Bulls te pwofite yon movèz pèfòmans Shaquille O’Neal pou l ranpòte yon viktwa 109 a 90. Nan konferans de Lwès la Carmelo Anthony make 24 pwen nan viktwa 94 a 87 Denver Nuggets ranpòte devan Los Anjeles Clippers ki toujou ap domine seri 7 match la ak 2 viktwa 1 defèt
Jermaine O’Neal ki gen pou l peye yon amand 15 mil dola pou tèt li kritike yon abit, trouve amand koute twòp.
Tennis
Espayòl Tommy Robredo ak Swis Stanislas Wawrinka kalifye pou semi final tounwa tenis Open Barselò nan