Football
Klub Football Angle Middlesbrough ap rankontre ak klub women Steaua de Bucharest pandan ke Seville pral mate balon fas ak Shalkle 04 nan kad semi final retou Koup Unyon Football Europeyen an. Steaua de Boukarès ap abòde rankont la ak yon avantaj 1 a 0 alos ke Seville ak Shalke 04 te fè match nul 0 a 0 nan match ale a.Venkè yo ap rankontre an final nan Eindovhen le 10 Me.
Barselòn ap rankontre ak Arsenal nan final Lig dè Chanpyon Eropeyen an apre match nul 0 a 0 yo fè ak Milan A-C. Barselòn ranpòte trofe yon sèl fwa an 1992 kont Sampdoria de Genes aloske Arsenal ap fè premye vwayaj li nan yon final Lig dè chanpyon Eropeyen an. Final la ap dewoule nan vil Pari
Tennis
Arjanten Guillermo Coria elimine nan tounwa tenis Barselòn nan apre li tonbe ak 2 kout rakèt fas a espayòl Nicolas Almagro 6-2, 6-0.. Kwat Ivo Karlovic kalifye pou kar de final la anba redu apre Rus Evgeny Korolev te fè l monte yon maswife 6-7, 7-6, 7-6. Karlovic pral rankontre ak Swis Stanislas Wawrinka ki elimine David Ferrer 2-6, 6-2, 6-1.
Franse Nicolas Mahut kalifye pou kar de final tounwa tenis Casablanca apre li elimine konpatriòt li Arnaud Clement 6-3, 7-6. Mahut pral rankontre ak Chilyen Nicolas Massu ki elimine Italyen Alessio di Mauro 6-7, 6-3, 6-1. Nan lòt rankont Tchèk Jiri Vanek kale Otruchyen 7-6, 6-2. Alman Bjorn Phau kale Aljeryen Slimane Saoudi 6-4, 6-4. Vanek ak Phau ap rankontre nan kar de final la. CN-162
Espayòl Rafael Nadal kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Open Barselòn nan apre li kale konpatriòt li Feliciano Lopez 6-4, 6-2 pou l rankontre ak Ivan Navarro Pastor ki elimine Daniel -Traver 7-6, 7-5.
NBA
Kobe Bryant make 29 pwen e trape balon an 10 fwa pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa tou mens 99 a 93 devan Phoenix Suns epi egalize seri 7 match kar de final Konferans de lwès la ak yon viktwa patou. Toujou nan konferans de lwès la Dallas Mavericks dans sou Memphis Grizzlies 94 a 79 pou pran yon avantaj 2 viktwa a 0. Alman Dirk Nowitzki make 31 pwen. Nan konferans de Lès la Detroit Pistons pran yon avantaj 2 a 0 apre li pilon-nen Milwaukee Bucks 109 a 98.
Responsab yo nan NBA a suspann pou yon dure endefini Kenyon Martin kap jwe nan Denver Nuggets pou movèz kondwit. Dapre nouvèl yo Martin te lave antrenè a George Karl byen lave apre defèt 98 a 87 ekip la te subi devan Los Anjeles Clippers--pami rezon an msye reproche antrenè a fè l pase twòp tan sou ban kòm rezèvis. Aswè a Denver ap akeyi Los Anjeles Clippers nan kad 3 zièm nan seri 7 match.
Cyclisme
Siklis Ostralyen Robbie McEwen ranpòte premye etap Tour Normandi a an Swis. Italyen Paolo Savoldelli toujou rete nan tèt klasman jeneral la ak 2 sekond devan ostralyen an.