Accessibility links

Breaking News

Elektè Move Kou kong Menase Izole Vil Okay Avèk Lòt Rejyon Meridyonal yo


Sèten elektè ki t'al vote nan dezyèm tou eleksyon lejislativ yo nan Depatman sud Ayiti fache daprèzavwa Konsèy Elektotal Pwovizwa a poko publiye rezulta preliminè yo jiskaprezan pou rejyon yo a. Genyen menm ki menase pou yo koupe rejyon-an avèk rès peyi a. Jean Ernst Eliscar, Korespondan Lavwad-Lamerik genyen detay sou nouvèl sa a.

Antretan, KEP a kontinye ap publiye rezulta pasyèl eleksyon lejislativ yo. Dapre rezulta yo, okenn pati ou groupman politik pa gen yon majorite ki tap pèmèt li fòme pou kont li pwochen gouvènman an. Sa vle di, prezidan elu a pral nan obligasyon travay nan tèt ansanm ak prezidan 2 chanm yo sou nominasyon nouvo Premye Minis la.

Sauveur Pierre Etienne, Doktè an Syans Politik nan Montreal, Canada, di nou le fèt ke yon sèl pati politik pap gen kontwol palman an, se yon bon bagay pou demokrasi.

Ale sou ralonj ki anlè atik la pou'n koute pwen sa yo

XS
SM
MD
LG