Accessibility links

Breaking News

Semi Final Koup Deròp la Fikse pou Jodi a


Football

Balon pral woule jodi a sou kontinan Eropeyen nan okazyon semi final retou Lig dè chanpyon an lè Villarreal ap rankontre ak klub Angle Arsenal. Villarreal bezwen yon viktwa ak 2 but pou pipiti epi anpeche Arsenal make gòl si l vle kalifye pou final la. Demen Mèkredi a F-C Barselòn bezwen yon match nul lè lap akeyi Milan AC si l vle kalifye pou final la Footbalè franse Zinedine Zidane anonse responsab klub Real Madrid yo entansyonn pou l pran retrèt li apre faz final koup du mond Almay 2006 la kote lap patisipe ak la Frans. CN-002

Federasyon football Maròk la anonse suspansyon 5 footbalè seleksyon Olenpik la apre yo echwe nan yon tès dròg. Federasyon an, ki pa site non footbalè yo, di tès la te fèt pandan jwè yo tap patisipe nan yon kan dantrenman.

NBA

Miami Heat kale Chikago Bulls 115 a 108 pou l pran yon avantaj 2 viktwa a 0 nan kad seri 7 match faz final NBA a. Ekip ki ranpòte 4 viktwa ap kalifye pou pwochen tou a. Los Anjeles Clippers pilon-nen Denver Nuggets 98 a 87 pou l ranpòte 2 zièm rankont la. Jedi kap vini la a Los Anjeles Clippers pral lakay Denver Nuggets epi Miami Heat pral lakay Chikago Bulls. Aswè a Washington Wizards pral lakay Cleveland Cavaliers-Cleveland ap men-nen 1 a 0 nan seri 7 match la. Indiana Pacers pral lakay New Jersey Nets epi San Antonio Spurs ap akeyi Sakramento Kings.

Tennis

Franse Arnaud Clement te bezwen 2 manch pou l elimine arjanten Juan Monaco nan tounwa tenis Casablanca a o Maròk.

XS
SM
MD
LG