Accessibility links

Breaking News

Footbalè Ayisyen Jean Philippe Peguero Transfere nan New York Red Bulls


Football

Entènasyonal ayisyen Jean Philippe Peguero transfere soti nan Kolorado Rapids pou l al jwe nan New York Red Bulls an echanj pou brezilyen Thiago Martins. Peguero espere konbine efò l ak franse Djorkaef ak Guevarra pou kore liy datak ekip New Yorkè a.

D.C. United danse sou New York Red Bulls ak swif 4 a 1 Samdi. FC Dallas kale Kansas City Wizards 2 a 1. Real Salt Lake tonbe devan Houston Dinamo 2 a 1 epi Kolombus Crew ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Los Anjeles Galaksi.

F-C Barselòn ap fè yon tann pou konnen si lap chanpyon avan fen sezon an an Espay. Yè Dimanch la rankont ki te supoze mete fas a fas FC Barselòn fas a FC Seville ranvwaye akoz la pli.

Villarreal dwe ranpòte la viktwa demen Madi a lè lap rankontre ak Arsenal nan kad semi final retou koup dè chanpyon Eropeyen. Villarreal pap gen sèvis mitan teren ekip la Italyen Alessio Tacchinardi ak defansè Gonzalo Rodriguez ak Juan Manuel sepandan gadyen an Urugueyen Sebastian Veira ap nan gòl la apre li finn purje yon suspansyon. Arsenal bezwen yon viktwa ou byen yon nul ou byen make yon gòl e pa ankese anpil pou l klase pou final la.

Antrenè Brezilyen Felipe Scolari ki te ede Brezil ranpòte koup du mond la an 2002 retounen sou lis kandida ki kapab ranplase Swedwa Sven-Goran Ericksson nan tèt seleksyon angle a apre koup du mond la. Scholari reyalize yon 2 zièm rankont ak responsab football Angle yo. Scolari, kap antrene Potugal, gen supò kèk manb nan federasyon an ki kapab anonse pwochen antrenè a semen sa a. Nap raple kontra Scolari ap fini ak Portugal apre koup du mond football alman an.

Asosyasyon footbal pwofesyonèl Angle a elu footballè Steven Gerrard kòm pibon pami pibon jwè pou ane a. Asosyasyon an elu pou yon 2 zièm ane afile Wayne Rooney kòm meyè jè n footbalè.

Abit Franse Nelly Viennot pat abitre match koup du mond football la an Almay apre li echwe nan yon tès fizik. Viennot, ki gen 44 tran, tap tounen premyè juj de liy fanm nan yon koup du mond maskulen si l te pase tès la. FIFA gen pou anonse 60 juj de liy yo nan debu mwa Me a.

NBA PLAYOFFS

Indiana Pacers suprann bonanj New Jersey Nets ak yon viktwa 90 a 88 nan kad premye nan seri 7 match faz final NBA a. Dirk Notwizki make 31 pwen pou pèmèt Dallas Mavericks woule Memphis Grizzlies 103 a 93 nan faz final la. Detroit Pistons pran yon avantanj 1 a 0 devan Milwaukee Bucks apre viktwa 92 a 74. Phoenix Suns te fè anpil efò pou l kale Los Anjeles Lakers 107 a 102 nan konferans de Lwès la malgre efò Kobe Bryant. Jodi-a Chikago Bulls pral lakay Miami nan kad 2 zièm rankont yo. Miami ap men-nen 1 a 0 nan seri 7 match la. Lòt rankont jodi a se Los Anjeles Clippers kap akeyi Denver Nuggets.

FED CUP TENNIS

Itali kalifye pou semi final Koup Konfederasyon an gras ak yon viktwa 4 a 1 yo ranpòte devan la Frans. Italyen yo pral rankontre ak Espay ki woule Otrich 5 a 0. Nan lòt semi final la la Beljik monte yon maswife avan li kale la Rusi 3 a 2 pou l rankontre ak Etazuni ki elimine Almay 3 a 2. Semi final la fikse pou Juyè.

Espayòl Rafael Nadal suprann numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer ak yon viktwa an 4 manch pou l ranpòte tounwa tenis Monte Carlo a an 6-2, 6-7, 6-3, 7-6. Viktwa a fè 42 zièm viktwa afile Nadal ranpòte sou teren an tè batu swa 4 viktwa an mwens Swedwa Bjorn Borg te ranpòte an tè batu-sepandan Arjanten Guuillermo Vilas nan tèt lis la ak 53 viktwa.

Malgre defèt la Federer toujou nan tèt klasman jeneral tenis pwofesyonèl la. Rafael Nadal, David Nalbandian, Ivan Ljubicic ak Andy Roddick konplete lis 5 meyè jwè mondyal kategori maskulen.

Franse Amelie Mauresmo tounou klase numewo 1 mondyal nan kategori feminen an.Answit nou jwen Kimb Clijsters, Maria Sharapova, Justine Henin-Hardenne ak Nadia Petrova kòm 5 premye jwè tenis mondyal feminen.

Atletisme

Kourè Kenyan Felix Limo te fè yon dènye efò pou l pou l pase devan konpatriòt li Martin Lel e ranpòte maraton Lond la. Msye kouvri kous la 2 zhè--6 minit--39 sekond swa 2 sekond devan chanpyon sòtan an ak Sud Afriken Hendrick Ramaala.

Bò kote meda m yo ameriken Deena Kastor bat pwòp rekò l a 2 zhè--19 minit--36 sekond swa 100sekond an mwens devan Rus Lyudmila Petrova ak Kenyan Susan Chepkemei. Manmzèl tounen premye ameriken ki ranpòte marathon Lond la.

Tanzanyen Marathon Sulle ranpòte semi-maraton Ivry-sur-Sennes a Paris devan 5 lòt Kenyan. Kourè Etyopyèn Robe Tola ranpòte 21 nièm edisyon marathon Hambourg la an Almay devan Kenyan Rose Cheruiyot ak Rus Irina Permitina. Espayòl Julio Rey ranpòte kategori maskulen an devan Kenyan Rober Cheboror ak James Rotich.

Cyclisme

Siklis ameriken Floyd Landis ranpòte maraton Jôji a pou yon 3 zièm fwa malgre li te gen yon pann kawoutchou.

XS
SM
MD
LG