Accessibility links

Breaking News

Ayiti 2006: Temwayaj 2 Vizitè Natif-Natal


Yon etranje ki debake Ayiti pou premye fwa ka mwen choke pase yon Ayisyen ki te konnen peyi sa a sou yon lòt figi e ki retounen pou l’jwenn ni, elas! ankò pi mal pase sa l’te imajine. Nan magazin Ti Koze sou Aktyalite 22 avril 2006 la, 2 pitit tè a ki sot' retounen al vizite l' pandan kèk jou, rakonte Lavwadlamerik sa yo wè, sa yo tande, sa yo santi...

Doktè Odler Robert Jeanlouie se yon medsen ki nan Warrenville, NJ Tandiske Doktè Marie Carmel Paul-Austin, yon pwofesè Inivèsite Deta Dayiti, pale ak nou depi Brooklyn, NY.

Si ou ta renmen koute pwogram sa a [longè li se 18:13] fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG