Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Koup du Mond an Tandèm an 2018?


Football

Federasyon Football Bèljik ak la Oland ap anvizaje posibilite pou yo ta òganize koup du mond la an tandèm an 2018. 2 peyi yo te òganize koup Deròp dè nasyon an 2000.

Prezidan komite òganizasyon koup du mond Almay 2006 la, Franz Beckenbauer fè konnen Almay dwe pase kap kar de final koup du mond la. Almay te pèdu an final koup du mond Japon/ Kore du Sud la an 2002.

Ronaldinho rete kwè Brezil kapab ranpòte konpetisyon an pou yon 6 zièm fwa. Edisyon 2014 la ap dewoule an Amerik du Sud. Yon tribunal alman deside an favè yon fanatik ki achte tikè sou entènèt la pou koup du mond la asiste rankont yo menm lè nonn pa ekri sou tikè yo. Tribunal la di òganizatè koup du mond la dwe chanje non ki sou tikè a akoz fanatik la te achete yo avan menm FIFA te kòmanse vann tikè ofisyèlman. Òganizatè koup du mond la ekri non tout achtè sou tikè a ki dwe prezante yon dokuman didantifikasyon sinon yo pap otorize yo antre nan stad la.

Klub football angle Arsenal ranpòte yon viktwa tou mens devan klub espayòl Villarreal 1 a 0 yè Mèkredi nan kad semi final ale Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Match retou a fikse pou 25 ak 26 Avril-lè Milan AC pral lakay FC Barselòn kite ranpòte match ale a nan San Siro 1 a 0 epi Villarreal ap akeyi Arsenal. Venkè yo ap rankontre an final le 17 Me nan stad de Frans la andeyò vil Pari. Jodi a semi final koup Unyon Footbal Eropeyen an ap dewoule ant klub woumen Steaua de Bucarest ap akeyi klub Angle Middlebrough epi klub alman Shalke 04 fas ak klub espayòl Seville. Match retou a fikse pou Jedi pwochen.Final la fikse 10 Me nan Eindhoven an Oland.

Tennis

Espayòl David Ferrer te bezwen 3 manch pou l kale konpatriòt li Juan Carlos Ferrero 6-1, 6-7, 6-3 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis dè mèt Monte Carlo a. Ferrer pral rankontre ak venkè rankont ak Swis Roger Federer ki elimine Benjamin Balleret 6-3, 6-2. Kwat Ivan Ljubicic pat rankontre oken difikilte pou l kale franse Gilles Simon 6-3, 6-2 pou l rankontre nan kar de final la ak Swedwa Robin Soderling ou byen chilyen Fernando Gonzalez. Espayòl Tommy Robredo suprann bonanj arjanten David Nalbadian ak yon viktwa an 3 manch 5-7, 6-1, 7-5. Robredo pral rankontre ak venkè rankont ant arjanten Gaston Gaudio ak Italyen Alessio di Mauro.

NBA

Sezon regulye NBA a fini yè swa ak tout kalifiye yo. Washington Wizards fini an 5 kièm pozisyon apre li wouze Detroit Piston 96 a 80.Detroit Pistons pat aliyen pifò titulè ekip la an preparasyon ak faz final la kap kòmanse Samdi lè Washington Wizards ap vizite Cleveland Cavaliers ki kale Atlanta Hawks 100 a 99.

Indiana Pacers, ki klase 6 zièm apre yo tronse Orlando Majik 89 a 83, pral rankontre ak New Jersey Nets ki pèdu devan New York Knicks 90 a 83. Chikago Bulls ki van-nen Toronto Raptors 127 a 106, klase 7 tièm epi pran rankontre ak Miami Heat ki pèdu devan Boston Celtics 85 a 78. Detroit Pistons ap akeyi Milwaukee Bucks. Nan konferans Lwès Kobe Bryant make 35 pwen nan viktwa 115 a 95 Los Anjeles Lakers ranpòte devan New Orleans Hornets. Lakers yo, ki klase 7 tièm ap rankontre ak Phoenix Suns nan faz final la. Phoenix kale Portland Trail Blazers 106 a 96.

San Antonio Spurs ranpòte yon viktwa tou mens devan Houston Rockets 89 a 87. Memphis Grizzlies koule Minnesota 102 a 92 pandan ke Los Anjeles Clippers woule Dallas Mavericks 87 a 71. Utah Jazz fini sezon an ak yon viktwa 105 a 102 devan Golden State Warriors. Seattle Supersonics wouze Denver Nuggets 109 a 98 pandan ke Charlotte Bobcats pat rankontre oken difikilte pou l kale Philadelphia 76ers 96 a 86. Nan konferans de Lwès la Sakramento Kings pral lakay San Antonio Spurs, Denver Nuggets kont Los Anjeles Clippers. Los Anjeles Lakers kont Phoenix Suns. Memphis Grizzlies pral lakay Dallas Marvericks.

Cyclisme

Siklis Ukrenyen Yaroslav Popovych ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Tour Jorji a.

XS
SM
MD
LG