Accessibility links

Breaking News

Yon Balon dò pou Final Koup du Mond la


Football

Prezidan Komite òganizasyon koup du mond la Franz Beckenbauer prezante yon balon dore ki pral sèvi pou final koup du mond la kontrèman ak balon kap sèvi pandan 63 lòt rankont yo. Balon yo ap gen non seleksyon kap rankontre ansanm nan chak group. Adidas espere vann 10 milyon balon a plis pase 150 dola lunite pandan koup du mond la.

Abit ki pral dirije match koup du mond la ap resevwa yon anvlòp 40 mil dola yo chak. Juj de liy yo ap resevwa menm kantite lajan ke abit prensipal la. Lajan sa a reprezante doub fwa kantite lajan abit yo te resevwa pandan dewoulman koup du mond Japon/ Kore du Sud la.

Otorite yo an Almay ap mete restriksyon nan alantou 12 stad kote elikoptè ak ti avyon pa kapab vole pandan koup du mond la. Entèdiksyon an ap an vigè 3 zhè avan e aprè yon rankont.

Prezidan Federasyon Football Entènasyonal, Sepp Blatter deklare jodi a nan vil Lond ke mezu anti rasis yo ap aplike nan koup du mond Almay 2006 la. Pami mezu yo peyi ki fanatik yo gen yon move konpòtman ap pèdu 3 pwen. Mezu yo ap antre an aplikasyon nan pwochen sezon chanpyona nasyonal peyi manb federasyon an. Pou sa ki gen rapò ak chanpyona nasyonal yo klub yo ap pèdu 3 pwen--6 pwen si yo rekalsitran e desann nan yon divizyon enferyè pwochen sezon an san bliye amand dirijan ak fanatik yo kapab peye.

Premye semi final ale chanpyona Lig dè Chanpyon Eropeyen an ap mete fas a fas Milan AC kap akeyi FC Barselòn. 2 klub ki gen meyè atak sou kontinan Eropeyen an. Milan AC, ki pap gen sèvis Italyen Filippo Inzaghi, kapab konte sou butè ekip la Ukrenyen Andriy Shevchenko ki make 9 gòl pandan 10 rankont aloske Ronaldinho make 7 gòl. Lòt semi final la ap mete fas a fas demen Mèkredi a Arsenal kap akeyi Villarreal. Match retou a fikse nan 2 semen.

Nouvèl ki gen rapò ak koup du mond Espay gen pou l afwonte Ejipt avan li mete tèt pou Almay kote li pral patisipe nan koup du mond la. Atrenè seleksyon an Luis Aragones kwè seleksyon an kapab rive nan semi final koupdu mond la. Espayòl toujou elimine nan kar de final pandan 3 dènye koup du mond yo.

Tennis

Arjanten Guillermo Coria te bezwen 2 manch pou l kale Rus Mikhail Youzhny 6-3, 6-1 pou l al rankontre ak franse Paul Henri Mathieu nan 2 zièm tounwa tenis Monte Carlo a. Mathieu suprann bonanj Rus Marat Safin 6-0, 7-5.

NBA

San Antonio kalifye kòm tèt de seri numewo 1 nan faz final NBA a kote lap akeyi ekip advès an premye pandan tout faz final la apre yo kale Utah Jazz 115 a 82. Nan Orlando Chikago Bulls, ki deja kalifye, te bezwen pwolongasyon pou l kale Orlando Majik 116 a 112. Viktwa ki mete Bulls yo a egalite pou 6 zièm plas nan Konferans de Lès la ak Milwaukee Buks ki kale Detroit Pistons 113 a 93. Aswè a Bucks yo ap rankontre ak Washington Wizards. Indiana Pacers klase 6 zièm tou.. Demen Chikago Bylls ap akeyi Toronto Raptors pou dènye match sezon an. Indiana Pacers wouze Toronto Raptors 120 a 95.

Atletisme

Kenyan yo fè koukouwouj nan 110 zièm edisyon maraton Boston yè Lendi a. Robert Cheruiyot bat rekò an 2 zhè-7 minit-14 sekond devan konpatriòt li Benjamin Maiyo ak ameriken Meb Keflezighi. Rita Jeptoo ranpòte kategori meda m yo. Ayisyen Gedeon Valnet fini 711 zièm pami plis pase 22 mil patisipan. Msye kouvri kous la an 2 zhè 56 minit swa 26 minit an reta objektif lite fikse ki te 2 zhè 30. Atlèt ki te soti nan 94 peyi ak tout 50 eta ameriken yo te patisipe nan maraton an.

Fanatik spòtif yo an dèy nan Sen Mak apre 4 manb ekip Dinamit la mouri nan yon aksidan machin Ekip la tap soti nan Kapayisyen kote lite diskute yon rankont akASC lè machin nan tonbe nan mòn Puilboreau. Plizyè jwè ekip la blese nan aksidan an.

XS
SM
MD
LG