Accessibility links

Breaking News

Levanjil Jida a: Analiz Yon Teolojyen Ayisyen


Nan moman kominote kretyèn nan ap komemore lamò Jezikri nan jou Vandredi Sen an, yon ekip savan relijye ak chèchè entènasyonal restore, tradui e deklare kòm veridik yon ansyen tèks ki drese yon nouvo pòtre pou pèsonaj ki te trayi Mèt la, Jida Iskaryòt.

Nan dokiman sa a, yon moun ka wè gen yon relasyon espesyal ant Jida ak Jezi, pi plis pase sa ki te egziste ant Mèt la ak 11 lòt disip li yo.

Se yon ti gwoup kwayan nan premye moman relijyon kretyèn nan ki te fè dokiman an soti, pou repare repitasyon Jida. Gen dokiman konsa ki te konsène Sen Toma tou.

Pastè Leslie Moïse, yon Ayisyen ekspè nan teoloji ki ap dirije yon kongregasyon ameriken nwa [Pisgah SDA Church] toupre Washington, DC, ap ede nou analize dekouvèt sa a ak enpak li ka genyen sou mond kretyen an.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute interview sa a.

XS
SM
MD
LG