Accessibility links

Breaking News

Klub Espayòl F.C. Barselòn ap Fè yon Toune Ozetazuni ak Meksik


Football

Klub Espayòl FC Barselòn pral fè yon toune Ozetazuni ak Meksik an Out pwochen kote yap jwe 4 rankont. Baselonè ap rankontre 3 klub Meksiken ak klub ameriken New York Red Bulls. 33 zièm jounen chanpyona espayòl la ap mete bab pou bab FC Barselòn kont Villarreal. 2 ekip yo ap sèvi ak rankont la an preparasyon ak match semi final ale koup dè chanpyon an ant Milan A C fas ak Barselòn epi Villarreal pral jwe kont Arsenal. Lòt an je ki gen nan rankont Vandredi a Barselòn bezwen yon viktwa pou asure l tit chanpyona a aloske Villarreal bezwen yon viktwa pou l kalifye pou koup UEFA a. Real Madrid, Valans ak Osasuna ap lute dèyè 2 zièm plas nan chanpyona espayòl la.

Federasyon Football Entènasyonal la fè konnen li pa gen oken otorite legal pou bloke prostitisyon fòse pandan dewoulman koup du mond la an Almay. Nan yon deklarasyon prezidan FIFA a Sepp Blatter publiye jodi a li fè konnen pandan ke li respekte di la vi ak entegrite fizik tout moun, li pa gen oken dwa legal pou regularize pwostitusyon. Msye Blatter fini pou di pwostitusyon se responsabilite tout otorite ak palmantè yon peyi a.

Msye Blatter espere koup du mond football la pral soulaje soufrans popilasyon mondyal la ap subi.

Vedèt football arjanten Lionel Messim kap jwenan Barselòn, agrave yon blesu li te genyen. Sa vle di msye pral rate rankont semi final ale e retou Lig dè chanpyon ant Barselòn ak Milan A-C. Messi kapab rann li an Arjantin semen pwochèn nan kote li kapab pase 8 jou ap repoze l. Doktè yo di msye kapab jwe nan final Lig dè chanpyon an si Barselòn elimine Milan A.C nan semi final la.

NBA

Aswè a New York Knicks ap fè yon kout pye lakay Cleveland Cavaliers pandan ke Dallas Mavericks pral lakay Phoenix Suns.

Yè swa Allen Iverson make 40 pwen pou ede Philadelphia 76ers wouze New Jersey Nets 116 a 96 pou pataje 8 tièm e dènye plas nan konferans de Lès la ak Chikago Bulls ki te fè anpil efò avan li kale Atlanta Hawks 96 a 90. Defèt 117 a 112 Boston Celtics subi devan Indiana Pacers retire tout espwa l te kalifye pou faz final la aloske Indiana Pacers klase an 6 zièm pozisyon. Detroit Pistons danse sou Cleveland Cavaliers 96 a 73--viktwa ki bay Detroit avantaj pou l diskute faz final la a domisil. Washington Wizards tonbe deva Milwaukee Bucks 100a 97. Memphis Grizzlies toupizi Charlotte Bobcats 96 a 88. New Orleans Hornets te fè anpil efò avan li kale Seattle Supersonics 104 a 99. Menm situasyon an pou Los Anjeles Clippers ki kale Portland Trail Blazers 97 a 93. Golden State Warrios devore Dallas Mavericks 114 a 102 san bliye Minnesota Timberwolves ki mete fen nan 14 defèt afile pou l kale Houston Rockets 82 a 79.

Asosyasyon Basketball Ameriken ak Federasyon Basketball Entènasyonal la anonse pwogram ki rele Baskeball san fwontyè ap dewoule an lan 2006. Responsab yo di pwogram nan ap retounen nan 4 kontinan e lap dewoule nan Lituani ak Porto Riko pou la premyè fwa. Depi 2001 periòd pwogram nan te kòmanse plis pase 120 jwè, antrenè ak responsab ekip basketball travay ak plis pase 700 jèn ki soti nan prèske 100 peyi.

Tennis

Jwè tenis espayòl Filippo Volandri kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Valans la an Espay. Volandri woule ak kout rakèt Tchèk Tomas Zib 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak Espayòl Nicolas Almagro ki elimine alman Bjorn Phau 6-2, 6-1. Arjanten Gaston Gaudio kalifye pou kar de final konpetisyon an tou apre viktwa an 2 manch yo ranpòte devan alman Florian Mayer 6-4, 6-2 pou l al rankontre ak Rus Marat Safin ki elimine ak 2 kout rakèt Sèbo-Montenegren Boris Pashanski.

Ameriken Andy Roddick ranpòte yon vikwa byen fasil nan tounwa tenis an tè batu Houston nan fas a Otrichyen Oliver Maranch 6-3, 6-4.

XS
SM
MD
LG