Accessibility links

Breaking News

Etazuni fè Match Nul ak Jamayik


Football

Seleksyon nasyonal football ameriken an fè match nul 1 a 1 nan kad yon match amikal chofe jarèt avan ameriken yo publiye lis 23 jwè kap reprezante tonton Sam nan koup du mond la. Etazuni ap jwe 3 lòt match amikal--kont Maròk Venezuela ak Letoni.

Seleksyon Nasyonal footbal Meksik la ap kòmanse preparasyon pou koup du mond la ak yon match amikal kont Venezuela 5 Me nan stad Rose Bowl la an Kalifòni.

Nouvèl ki soti an Oland ak la Rusi fè konnen antrenè Olandè Guus Hiddink siyen yon kontra ak 2 zan pou l antrene seleksyon nasyonal Rus la. Hiddink te ede la Oland rive nan semi final an 1998, li kalifye Ostrali pou koup du mond Almay 2006 la epi li te nan tèt seleksyon Kore du Sud ki te rive nan semi final la an 2002. Msye ede PSV Eindhoven ranpòte 6 tit chanpyon nasyonal. Hiddink te antreneè klub Turk Fenerbahce, klub espayòl Valencia, Real Madrid ak Real Betis.

NBA

Shaquille O’Neal make 15 pwen-trape balon an 11 fwa epi fè 10 pas ki make pwen nan viktwa Miami Heat ranpòte devan Toronto Raptors 106 a 97. Chikago Bulls te fè anpil efò pou l kale New Jersey Nets 104 a 101--viktwa ki mete chikago ak egalite ak Philadelphia 76ers pou 8 tièm e dènye plas ki disponib nan konferans de Lès la.. Memphis Grizzlies danse sou Minnesota Timberwolves 92 a 76. San Antonio Spurs ranpòte 60 tièm viktwa l pou sezon an gras a yon swif yo pase Seattle Supersonics 104 a 95. Phoenix Suns remonte yon defisi 17 pwen pou l kale Sakramento Kings 123 a 110. Los Anjeles Lakers koule Golden State Warriors 111 a 100.

Seleksyon basketball feminen ameriken an woule Taiwan 91 a 66 nan kad yon kwadrangulè kap dewoule nan Canberra an Ostrali.. Ostrali woule la Chin 79 a 58. Jodi a Etazuni ap rankontre ak Ostrali.

Tennis

Rus Nikolay Davydenko ak Rus Igor Andreev eliminen nan tounwa tenis Open Valencia an Espay. Espayòl David Ferrer ak Juan Carlos Ferrero elimine tou.

Ameriken Andy Roddick te bezwen 2 manch pou l kale chilyen Paul Capdeville pou l pase nan premye tou tounw tenis Houston Tekzas. Ameriken James Blake tonbe devan franse Anthony Dupuy 7-6, 3-6, 6-1. Ameriken Mardy Fish suprann Arjanten Juan Monaco ak yon viktwa 6-2, 1-6, 7-6.

XS
SM
MD
LG