Accessibility links

Breaking News

Kar de Final Koup Davis la ap Demare Vandredi


Tennis

Ostrali ap rankontre ak Belarus pandan ke chanpyon sòtan an Kwasi ap jwe kont Arjantin nan kar de final koup Davis la kap kòmanse demen Vandredi. Pandanstan Etazuni ap akeyi Chili epi la Rusi pral lakay la Frans. Venkè yo ap kalifye pou semi final la kap kòmanse an Desanm.

Nan tounwa tenis Bausch and Lomb la kap dewoule nan zile Amelya an Florid alman Julia Schruff suprann Rus Elena Likhovtseva ak 2 kout rakèt 6-4, 6-4 pou l al rankontre ak ameriken Jill Craybas ki te bezwen 3 manch pou l debarase l de Kwat Karolina Sprem 6-7, 6-4, 6-1. Venkè tounwa ap foure nan bous li 95 mil 500 dola.

Cyclisme

Siklis Espayòl Samuel Sanchez ranpòte 3 zièm etap kous bisiklèt Tour de Bask la men li toujou a egalite nan klasman jeneral la ak konpatriòt li Alberto Contador.

Natation

Najè Ostralyen Matt Welsh ranpòte premye meday pou peyi l nan chanpyona natasyon kout distans kap dewoule nan Shangai an Chin. Ameriken Ryan Lochte ranpòte meday dò nan kous 400 mèt Meddley a. Ostralyen Jade Edmistone ranpòte kous 50 mèt bras la devan Brooke Hanson. Alman Janine Piersch kous 100 mèt bras la.

Football

Jodi a kar de final koup Unyon Football Eropeyen ap demare lè klub Alman Shalke 04 ap rankontre ak llub Sofia epi FC Seville fas a Saint-Petersbourg. Duèl pou jounen rete rankont ant 2 klub Woumen Steaua ak Rapid de Boukarès--otorite yo mobilize 3 mil jandam pou garanti sekurite pandan rankont la. Klub Swis FC Bales fas a klub Angle Middlesbrough.

Arsenal ak Barselòn kalifye pou semi final chanpyona Lig dè champyon Eropeyen an. Arsenal kalifye sou gòl diferans apre yo fè match nul 0 a 0 ak Juventus de Turen. Arsenal pral rankontre ak klub Espayòl Villarreal nan semi final la. Barselòn kale Benfika 2 a 0 pou l al rankontre ak Milan AC nan semi final la kap kòmanse 18 Avril.

FIFA siyen yon kontra 8 tan ap konpayi kart de kredi VISA pou anviwon 200 milyon dola. Kontra a ap antre an aplikasyon an Janvye. VISA vinn ajoute non sou lis ansanm ak Koka Kola, Sony, Adidas ak Hyundai kòm pi gwo antrepriz kap patwone konpetisyon FIFA ant 2007 a 2014.

Antrenè seleksyon Japonè a Brezilyen Ziko anonse seleksyon ap jwe 2 match amikal entènasyonal avan li mete tèt pou Almay. Japonè yo ap rankontre ak Bulgari le 9 Me nan Osaka epi Ekòs nan Kobe--2 seleksyon ki pa kalifye pou faz final koup du mond la. Zico pa konvoke nan seleksyon an Japonè kap evolye nan chanpyona Eropeyen nan okazyon koup Kirin kap dewoule an Me.

NBA

Chikago Bulls kale Philadelphia 76ers anba redu 99 a 92 nan yon enpòtan pou 2 ekip yo kap goumen dèyè 8 tièm e dènye plas pou faz final konferans de Lès la. Viktwa a klase Chikago Bulls an 8 tièm pozisyon. Nan lòt rankont Washington Wizards pilon-nen Boston Celtics 108 a 91 pou mete yo an 5 kièm pozisyon nan Konferans de Lès la ak posibilite pou yo klase pou yon 2 zièm ane afile. Indiana Pacers tronse Toronto Raptors 111 a 103 pou pèmèt li konsève 7 tièm plas nan konferan de Lès la. Orlando Majik kale Milwaukee Bucks 108 a 105 aloske New York Knicks suprann Cleveland Cavaliers 96 a 94. Sakramento Kings bimen San Antonio Spurs pou konsève chans pou yo kalifye pou faz final la nan konferans de Lwès la apre yo klase an 8 tièm pozisyon. Los Anjeles Clippers woule Phoenix Suns 119 a 105. New Orleans Hornets te bezwen pwolongasyon pou l kale Golden State Warriors 114 a 109. Portland Trail Blazers ranpòte yon viktwa de justès 76 a 75 devan Houston Rockets.

XS
SM
MD
LG