Baskèttball
La polis nan College Park Maryland sèvi ak gaz lakrimojè n pou gaye etudyan ki tap manifeste la kontantman apre Maryland kale Duke 78 a 75 nan yon rankont ke Duke te domine jus nan prèske fen rankont la. Kristi Toliver, ki te egalize pou Terps yo 13 sekond avan fen tran reglemantè a, make 2 lòt kou fran pou pèmèt Terps yo ranpòte trofe a pou la premyè fwa nan istwa pwogram basketball univèsite a kategori feminen.
New Jersey Nets kontinye ap byen mennen fen sezon regulye a apre viktwa de justès 96 a 94 yo ranpòte yè swa devan Atlanta Hawks. Lebron James make 37 pwen pou pèmèt Cleveland Cavaliers tronse Philadelphia 76ers 124 a 91--yon defèt ki lage Philadelphia 76ers nan pwoblèm kote li an konpetisyon ak Chikago Bulls pou 8 tièm e dènye plas nan konferans de Lès la pou faz final la. Chikago Bulls kale Indiana Pacers 102 a 96. Nan lòt rankont Detroit Pistons woule New Orleans Hornets 101 a 93 pou mete l a 60 viktwa pou sezon an. Miami Heat koule Milwaukee Bucks 115 a 89. Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Toronto Raptors 124 a 120. Washington Wizards pat gen pwoblèm pou l kale New York Knicks 105 a 90. Charlotte Bobcats kale Minnesota Timberwolves 97 a 92-Timberwolves subi 12 zièm defèt afile l. Memphis Grizzlies pilon-nen Golden State Warriors 100 a 75. Dallas Mavericks wouze Sakramento Kings 127 a 101. San Antonio Spurs pat gen pwoblèm pou l kale Utah Jazz 95 a 86. Houston Rockets tonbe devan Seattle Supersonics 104 a 87. Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa de justès devan Denver Nuggets 111 a 109.
Komite 5 manb NBA nonmen basketè chinwa Yao Ming, kap jwe nan Houston Rockets, sou lis kandida pou resevwa prim fairplay. An plis de Yao Ming gen Shaquille O’Neal kap jwe nan Miami Heat, Elton Brand nan Los Anjeles Lakers, Luol Deng kap evolye nan Chikago Bulls, Jacque Vaughn nan New Jersey epi Andrei Kirilenko kap jwe nan Utah Jazz. Rezulta a ap anonse apre fen sezon regulye a.
Football
Supriz nan kar de final retou Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Klub Espayòl Villareal elimine klub Italyen Inter de Milan apre viktwa 1 a 0 li ranpòte a domisil e gras ak yon gòl msye te make nan match ale a 2 a 1. Milan A C kalifye pou semi final apre yo kale Lyon 3 a 1. Lyon te a egalite 1 a 1 jusnan 88 minit lè Filipo Inzaghi make yon 2 zièm gòl. Inzaghi kore viktwa a ak yon gòl pandan arè de je yo. Jodi a lòt rankont match retou kar de final la ap mete bab pou bab Juventus kont Arsenal epi Barselòn kont Benfica.
Antrenè seleksyon nasyonal ameriken an Bruce Arena non-men 18 jwè ki pral fè pati seleksyon an nan okazyon match amikal chofe jarèt kont Jamayik 11 Avril kap vini la a nan Cary North Carolina. Tony Meola, ki te nan seleksyon 1990 ak 1994 la figure sou lis gadyen seleksyon an. Msye pa jwe pou seleksyon nasyonal la depi Me 2002.
Tennis
Rus Nadia Petrova kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Bausch and Lomb kap dewoule nan zile Amelya nan eta Florid gras ak viktwa an 3 manch 6-1, 6-7, 6-3. Italyen Francesca Schiavone te monte yon maswife avan li kale espayòl Conchita Martinez Granados 6-4, 6-1. Adolesan Tchèk Lucie Safarova kalifye apre swif li pase Italyen Mara Santangelo 6-4, 1-6, 6-3. Sanbliye viktwa Slovak Katerina Srebotnik ki wouze Kolonbyen Catalina Castano 6-4, 6-2.
Atletisme
Kourè Britanik yo pral gen pou siyen yon kontra antidopaj si yo vle jwen lajan nan nouvo kontra patwonaj ant Asosyasyon Atletis Grand Bretay la ak konpayi Asurans Norwich Unyon. Kontra a ki vo 87 milyon edmi dola pou yon periòd 5 kan, se pi gwo patwonaj ki fèt apre football. Nouvo kontra a ap kòmanse 1 Janvye 2007 juskan 2012 periòd Lond ap òganize je zolenpik dété yo.
Natasyon
Najè Sud Afriken Roland Schoeman abandone kous natasyon mondyal kout distans la kap dewoule nan Shangai. Schoeman mete nonn sou lis najè ameriken Michael Phelps ak Ostralyen Ian Thorpe, Grant Hackett ki pran yon kanpe lwen nan konpetisyon an ki kòmanse jodi a ak patisipasyon najè ki soti nan plis pase 120 peyi.