Accessibility links

Breaking News

Florida Gators Ranpote Chanpyona Baskètball Univèsitè yo


Basketball

Florida Gators ranpòte pou la premyè fwa tit chanpyona nasyonal basketball univèsitè yo apre yo danse sou UCLA 73 a 57. Joakim Noah, pitit gason ansyen jwè tenis franse Yanick Noah, make 16 pwen epi trape balon an 9 fwa nan viktwa a. Noah resevwa onè pibon pami pibon jwè nan tounwa a. Msye bat rekò kòm juwè ki bloke plis balon nan yon final swa yon total 6. Msye bloke yon total 30 balon pandan sezon an. Ti Noah deklare apre rankont la:"Mwen pa janm santi m kontan konsa. Ou travay du pou viv moman sa-a ke nou merite. Mwen fyè pou kan-marad mwen yo ansanm ak antrenè a san bliye fanmi m ki asiste final la. Mwen tèlman kontan mwen pa konnen kote pou m mete kò m."

Antrenè Florida Gators la Billy Donovan di li te pase jwè yo menm konsiy li te pase pandan tout ane a: pa fè egoyis, jwe an ekip, fè pas epi defans. Malgre echèk UCLA-a antrenè a Ben Howland bat bravo pou pèfòmans ti mesye-l-yo . Aswè a nan Boston Univèsite Maryland ap rankontre ak Duke pou detèmine chanpyon nan kategori meda m yo.

Football

Nan foutbòl menm , Kar de final retou chanpyona Lig dè chanpyon Eropeyen ap demare yon ti moman la-a . Villarreal pral chache efase defèt 2 a 1 li te subi nan match ale a devan klub Italyen Inter de Milan. Milan AC ap akeyi klub franse Lyon. Nan match ale a 2 ekip yo te fè match nul 0 a 0. Demen Mèkredi a Juventus de Turen ap akeyi klub Angle Arsenal epi Barselòn ap akeyi nan New Camp-la Benfika de Lisbon. match ale-a te fini 0-0.

Tennis

Pou la premyè fwa nan istwa tounwa tenis Roland Garos la venkè maskulen e feminen ap resevwa menm kantite lajan. Federasyon tenis franse a anonse venkè chak kategori yo ap resevwa 1 milyon 130 mil dola. Tounwa Roland Garos la, 2 zièm tounwa Gran Shelem pou ane a, gen yon prim total 17 milyon 210 mil dola. Tounwa a ap demare 28 Me e lap fini 11 Jwen. Responsab Wimbledon yo , sèl tounwa ki bay venkè kategori maskulen an plis lajan ke fi yo, ap yon fè yon anons nan fen mwa a.

Responsab UNICEF yo non-men numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kòm anbasadè bò volonte. Federer vinn ajoute sou lis lòt vedèt Ajans Nasyonzuni nonmen nan kad kanpay kap men-nen sou sò ti moun ki pi nan nesesite sou tè a.

3 tèt de seri elimine nan tounwa tenis Bausch ak Lomb kap dewoule nan zile Amelya yo an Florid. Franse Nathatlie Dechy tonbe devan Espayòl Virginia Ruano Pascual 7-6, 6-4. Arjantin Gisela Dulko ak franse Marion Bartoli elimine nan tounwa a.

Natasyon

La Chin espere retounen sou sikwi entènasyonal natasyon an lè chanpyona du mond kout distans ap demare demen Mèkredi a nan Shangai. La chin ap deplwaye yon delegasyon 43 najè pou fè fas ak Etazuni ak Ostrali-2 peyi ki domine disiplin sa a. Chanpyona a ap fini le 9 Avril.

XS
SM
MD
LG