Eske nou te konnen se yon Ayisyen ki Minis lasante nan eta Florid? Enben, Doktè Rony François te resevwa apèl Gouvènè Jeb Bush an septanm 2005 pou li dirije kokenn depatman sa a ki responsab pou sante 18-milyon moun.
Nan yon ti koze nou te fè ak Minis François mèkredi 29 mas 2006 la, li ofri tèt li kòm yon egzanp pou ankouraje tout Ayisyen, sitou sila yo ki gen chans pouse nan etid yo, pou yo travay ak disiplin e kouraj, jiskaske yo reyalize rèv yo nan peyi blan an.
Doktè François, ki gen 48 an, marye ak yon zanmi li te konnen depi l'te jenn ti bway ann Ayiti; Yo gen 3 pitit. Li di nou li konsidere fami sa a, solidite fwaye y'ap jere depi 24 ane a, tankou pi gwo siksè nan vi li.
Pou w ka tande interview a san manke moso, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.