Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ap Rankontre Lidè Kanada ak Meksik nan Cancun


Prezidan George Bush rive nan peyi Meksik, pi presizeman nan vil Cancun, pou yon somè ant prezidan meksiken an, Vicente Fox, ak premye-minis kanadyen an, Stephen Harper.

3 lidè yo genyen pou yo rankontre jodi jedi a e demen vandredi a pou yo fè negosyasyon sou kèk sijè ki pwovoke gwo pawol-anpil ant 3 peyi yo, pa egzanp imigrasyon ak kontwòl fwontyè yo. Yo genyen tou pou abòde dosye tankou echanj komèsyal ak lit kont teworism.

Daprè pòt-pawòl La Mezon Blanch la, Scott McClellan, Prezidan Bush pral sèvi ak somè sa a pou l fikse atansyon sou mwayen pou yo ranfòse sekirite e ankouraje devlopman ekonomik nan peyi nò-ameriken yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande repòtaj Lavwadlamerik la

XS
SM
MD
LG