Accessibility links

Breaking News

Nouvo Règleman FIFA sou Rasis Antre an Aplikasyon


Football

Nouvo mezu kont Racis FIFA te anonse an Mas dènye antre an aplikasyon jodi a dapre yon kominike òganizasyon football Entènasyonal publiye jodi a. FIFA di lap ekspulse pandan 2 zan tout federasyon ki derefize aplike atik 55 ki gen nan nouvo règleman yo--mezu yo prevwa entèdiksyon pou yon klub pa jwe nan stad, deduksyon pwen, amand kont tout pwopo rasis fanatik ou byen jwè yon ekip ta pwononse pandan yon match football.

Federasyon football entènasyonal anonse li pral entèdi tout jwè kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la pou yo pa parye nan match yo. Msye Blatter ki tap pale nan Hambourg fè konnen jwè 32 seleksyon yo pral siyen yon dokuman kote yap pran angajman pou yo pa parye sou seleksyon ki swa ap pèdu ou byen kap ranpòte la viktwa. Msye Blatter trouve l an Almay kote lap patisipe sou yon konferans sou sekurite ki gen rapò ak koup du mond la.

Pami kwen ki nan kalandriye diskusyon yo nou jwen surveyans strik sou machann dezagreman yo-kontwole fwontyè a kont teroris--Konferans la ap bout demen Vandredi.

Footballè Brezilyen Romario, ki gen 40 tan, siyen yon kontra pou l jwe nan klub Miami Football Klub--kap evolye nan chanpyona 2 zièm divizyon United Soccer Lig Ameriken an ( USL) nan Miami.

Arabi Sawoudit anonse lap jwe yon match amikal entènasyonal kont la Bèljik le 11 Me nan la Oland avan li mete tèt pou koup du mond Almay 2006 la.

An Espay grèv abit yo menase pou touche aryere salè nan chanpyona kapab pap fèt. Yon responsab football di le deja pase federasyon an lòd pou depoze ayere salè abit yo pou mwa Fevriye ak Mas. Fanatik yo mèt kòmanse prepare yo pou asiste duèl ant Real Madrid ak FC Barselòn Samdi.

Meksik kale Paragwe 2 a 1 nan kad yon match amikal entènasyonal ki jwe nan Chikago--avan seleksyon yo mete tèt pou koup du mond la. 46 mil fanatik te patisipe nan rankont la. Japon kale Ekwatè 1 a 0 nan kad yon match amikal entènasyonal.

Klub football Italyen yo Milan AC ak Inter de Milan debrouye yo nan kar de final lig dè chanpyon Eropeyen an. Inter de Milan remonte yon defisi 1 gòl pou l kale Villareal 2 a 1 nan San Siro. Brezilyen Adriano make gòl egalizasyon an pou Inter de Milan epi Obafemi Martins make gòl viktwa a. Nan vil Lyon an Frans Milan AC rache yon nul 0 a 0 kont Olenpik de Lyon. Match retou a fikse pou 4 Avril. Final Lig dè chanpyon Eropeyen ap jwe nan stad Sen Dennis an deyò vil Pari le 17 Me.

Jodi a pral gen yon duèl nan kar de final ale Koup Unyon Football Eropeyen lè Steaua de Boukarès ak rankontre ak Rapid de Boukarès 2 klub woumen--yon rankont kap dewoule anba gwo mezu sekurite. Levski de Sofia ap rankontre ak klub Alman Shalke 04, FC Bale kont Middlebrough epi FC Seville kont Saint Petersbourgh. Match retou a fikse pou 6 Avril. .

Jwè kap evolye nan chanpyona football zèpòl kare ameriken an dwe chache yon nouvo mwayen pou selebre lè yo make yon touch down akoz jès yap fè yo pa kòdiòm.. Pwopriyetè klub yo, ki reyunni nan Orlando, vote 29 vwa kont 3 pou entèdi jès delabre jwè yo abitye fè akote teren an

NBA

Lebron James make 46 pwen pou ede Cleveland Cavaliers kalifye pou faz final NBA apre yo pase Dallas Mavericks yon swif 107 a 94. Se premye fwa Cleveland kalifye pou yon faz final depi 8 tan. New Jersey Nets ranpòte 10 zièm viktwa afile yo fwa sa a se Memphis Grizzlies ki peye 86 a 74. Miami Heat te fè anpil efò avan li kale Toronto Raptors 98 a 94. Detroit Pistons danse sou Philadelphia 76ers. Sakramento Kings woule Portland Trail Blazers 106 a 90. Houston Rockets pilon-nen Seattle Supersonics 115 a 87. Minnesota troupe vijilans Orlando Majik ak yon viktwa 103 a 91. Denver Nuggets tonbe devan Utah Jazz 115 a 104. New Orleans ranpòte yon viktwa de justès fas a Golden State Warriors 86 a 85. Menm situasyon an pou Atlanta Hawks ki kale Indiana Pacers 94 a 93. New York Knicks tonbe devan Boston Celtics 123 a 98.

Univèsite Indiana nonmen Kelvin Sampson kòm nouvo antrenè basketball univèsite a apre Mike Davis demisyone mwa sa a. Sampson, ansyen antrenè Oklahoma, ap vin nan ekip la ak yon palmarès 5 tit chanpyon nasyonal--279 viktwa ak 109 defèt pandan 12 zan li pase ap antrene Univèsite Oklahoma.

Tennis

Kwat Ivan Ljubicic kalifye pou semi final tounwa tenis Key Biscayne nan kap dewoule an Florid apre li pase arjanten Agustin Calleri 2 kout rakèt 7-6, 6-3, pou l al rankontre arjantin David Nalbadian ki elimine Mario Ancic 6-2, 6-2. Bò kote meda m yo Franse dorijin Rus Tatiana Golovin te bezwen 3 manch pou l kale chinwa Zheng Jie 3-6, 6-3, 6-2. Golovin pral rankontre nan semi final la ak Rus Maria Sharapova ki elimine konpatriòt li Anastasia Myskina 6-3, 6-3. Venkè tounwa a ap foure nan pòch li 533 mil 350 dola.

Leve de Pwa

4 levè de pwa resevwa yon suspansyon entènasyonal apre yo te teste pozitif pou uzaj anabolizan pandan je Cimmonwealth Britanik yo ki soti dewoule nan vil Melbourne an Ostrali. Federasyon ab du li pral deside sou dure entèdiksyon an an Me pwochen men periòd la kapab kouvri Je Azyatik yo an Desanm 2008 ansanm ak Je Zolenpik Peken 2008 yo.

XS
SM
MD
LG