Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Dirijan nan Tèt Federasyon Atletis la


Atletisme

Franse Pierre Weiss ap ranplase Istvan Gyulai kòm Sekretè jeneral Federasyon Atletism Amatè Entènasyonal la. Msye Gyulai mouri ak yon kansè 12 Mars pase a. Msye Weiss ap nan pòs la pwovizwaman an atandan pwochen kongrè òganizasyon spotif la gen pou fè nan Osaka, Japon an Out 2007.

Football

Kar de final ale chanpyona Lig dè Chanpyon Eropeyen an . Yè nan vil Londr , Klub Anglè Arsenal woule Juventus de Turen 2 a 0 . Toujou yè Madi a Barselòn rache yon nul 0 a 0 kont Benfica de Lisbon malgre bon boul barselonè-yo bay. Jodi a Inter de Milan ap rankontre ak Villareal epi Milan AC kont klub franse Lyon. Benfica espere fè pi bèl figi fas a Barselòn Mèkredi pwochen nan okazyon match retou a kap jwe nan stad Kan Nu an.

Yon lòt kote Lig Eropeyen yo vle plis lajan nan resèt match Lig dè chanpyon an a pati de 2009. Gen 15 Lig ki fòme Lig Football Pwofesyonèl Eropeyen an. Vis Prezidan Unyon football Eropeyen an kritike dinutil e pa nesesè pwopo prezidan FIFA a Sepp Blatter fè kont klub ki derefize pèmèt jwè yo al jwe nan seleksyon nasyonal peyi yo. Msye Blatter menase pou ekspulse klub ki ta refuze jwè yo reprezante peyi yo nan yon konpetisyon entènasyonal.

Mitan teren Real Madrid la Angle David Beckham swete prezans Swedwa Sven-Goran Eriksson nan tèt ekip la dapre deklarasyon li fè nan jounal britanik The Sun. Nom Ericksson figure pami 7 lòt antrenè ki kapab pran avni Real Madrid an men Konsèy Administrasyon klub angle Liverpool konfime yo an pourpale ak yon seri de envestisè pou achte ekip la. An match amikal entènasyonal la Polòy bimen Arabi Sawoudit 2 a 1 nan Ryad nan kad yon match chofe jarèt

NBA

Milwaukee Bucks bat yon rekò apre yo make 18 kou fran dèyè kare a 3 pwen yo chak pou ede danse sou Phoenix Suns 132 a 110. Memphi9s Grizzlies tonbe de justès devan Seattle Supersonics 98 a 97.Charlotte Bobcats tronse vijilans Atlanta Hawks 125 a 117. Detroit Pistons pase sou Dallas Marvericks 97 a 90. Orlando Majik remonte yon defisi 11 pwen pou l kale Chikago Bulls 97 a 93. Washington Wizards suprann Sakramento Kings a domisil ak yon viktwa 97 a 84. San Antonio woule Los Anjeles Clippers 98 a 87.

Tennis

Chanpyon sòtan Koup DAvis la Kwasi nonmen ekip ki pral patisipe nan kar de final koup Davis semen pwochè n nan kont Arjantin nan Zagreb. Jwè kwat yo se, Ivan Ljubicic (jwè kapitèn) Mario Ancic, Sasa Tuksar,Marin Cilic. La Frans fè menmman parèyman nan rankont kont la Rusi. Jwè yo se Richard Gasquet, Arnaud Clement, Michael Llodra ak Sebastien Grosjean menm ekip ki te kale Almay nan premye tou a. Rus yo ap gen sou teren an Marat Safin, Nikolay Davydenko, Mikhail Youzhny ak Dmitry Tursunov.

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer te bezwen 58 minit pou l debarase l de Rus Dmitry Tursunov 6-3, 6-3 nan tounwa tenis Key Biscayne nan. Ameriken Andy Roddick te bezwen 3 manch pou l kale Alman Simon Greul 6-3, 3-6, 6-2. Kwat Mario Ancic ak Ivan Ljubicic kalifye pou pwochen tou a.

Nan kar de final meda m yo franse Amelie Mauresmo pilon-nen Rus Nadia Petrova 6-3, 6-1. Rus Svetlana Kuznetsova woule Japonè Ai Sugiyama 6-0, 7-6. Atletisme Briefs Franse Weiss non-men kòm sekretè Jeneral Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la yèé Madi a.

XS
SM
MD
LG