Prezidan-eli Ayiti a, René Garcia Préval, pran lapawòl lendi 27 mas la devan Konsèy Sekirite L’ONU an, nan kad vizit li tanmen depi dimanch sou teritwa ameriken an.
Refòm sistèm jidisyè, polis nasyonal la, asistans ekonomik se kèk nan pwen manm Konsèy Sekirite a te prezante bay Prezidan René Preval nan New York. Patisipan yo di pa kapab gen rekonsilasyon nasyonal si pati konsène yo ann Ayiti pa chita ansanm. Manm Konsèy la mande pati politik yo pou yo rekonèt e aksepte pwochen eli kap soti nan dezyèm tou eleksyon lejislativ ak eleksyon lokal yo ann Ayiti.
Vizit nan Konsèy Sekirite a se pa sèl pwen ki te sou agenda René Préval pou mitan jounen lendi a. Li te gen tou pou li reponn kesyon media yo anvan li te prepare l' pou yon rankont kominotè nan aswè, kote òganizatè yo (nou vle di senpatizan ak patizan Lespwa ak Fanmi Lavalas nan New York) te envite plizyè santèn moun tout tandans politik, dapre François Pierre-Louis, ki responsab Komite Lespwa nan New York.
Lè yon repòtè te fè konprann twoup etranje yo se yon fòs okipasyon ki pa twò itil ann Ayiti, Prezidan-eli ayisyen te rejte deklarasyon sa a e li te di se ta manke sans responsablite si ni li-menm ni Nasyonzini ta mande pou MINUSTAH pati kite Ayiti twò bonè.
Pou w tande repòtaj Lavwadlamerik sou pasaj René Préval la nan L'ONU fè klik sou ralonj ki anlè paj sa a.