Accessibility links

Breaking News

Yon Prizon Espesyal an Almay pou Machann Dezagreman yo


Football

Responsab koup du mond la ap konstrui yon prizon tanporè nan Hambourg ki kapab kenbe 150 machann dezagreman pandan dewoulman koup du mond la. Prizon tanporè a ap koute plis pase 3 milyon dola sou plis pase 10 milyon dola vil la bezwen pou sekurite pandan koup du mond la. Gen 5 sou yon total 64 rankont ap dewoule nan Hambourg.

Direktè ekzekutif koup du mond Afrik du Sud 2010 la Danny Jordaan deklare yè Madi a Swedwa Sven-Goran Eriksson kapab antrenè yo bezwen pou antrene seleksyon Afrik du Sud la. Direktè a di Eriksson kap demisyone nan tèt seleksyon angle a apre koup du mond Almay 2006 la, prouve li kapab mete sou pye yon seleksyon ak jè n jwè. Responsab la konsidere Afrik du Sud ki pa kalifye pou koup du mond ane sa a, pral yon dezas si l òganizatè konpetisyon an pa kalifye pou 2 zièm tou a. Responsab la di yo pa gen pwoblèm pou ta peye Ericksson 7 milyon dola salè li genyen chak ane.

Barselòn fè yon pa nan direksyon tit chanpyona premyè divizyon espayòl apre swif 3 a 1 li pase Getafe pou mete ak 14 pwen devan Real Madrid. Manke 9 jounen pou chanpyona a fini. Jodi a Real Madrid ap jwe an deplasman lakay Saragòs epi Valans ap akeyi Villareal nan okazyon 29 vièm jounen chanpyona a.

Jodi a Etazuni ap rankontre ak Almay nan kad yon match chofe jarèt ant 2 seleksyon ki pral patisipe nankoup du mond la. 2 antrenè yo ap sèvi ak rankont la pou seleksyone jwè yo pral soumèt bay FIFA. Almay pral chache fè bliye rakle 4 a 1 li sot subi nan men Itali--yon defèt ki te kreye anpil kritik an Almay kont antrenè Jurgen Klismann.

Salomon Kalou, atakan Ivwaryen, pap gen tan naturalize pou fè pati liy datak seleksyon Olandè a akoz responsab imigrasyon ak naturalizasyon peyi a pa vle akselere pwosesus la. Kalou pat pase premye tès li te subi-donk msye dwe tann juska 10 Me dapre règleman yo.

Responsab football alman yo mete sou pye yon Robo ki rele “ Ofro” e ki kapab detekte ajan chimik ou biolojik, eksploziv ak lòt aktivite suspèk nan yon reyon 30 mèt.

Unyon football Eropeyen an fè konnen li pral mande peyi manb yo poiu kore struktu aktuèl ak konpetisyon nan kongrè ki pral fèt nan Budapest demen Jedi a. Responsab UEFA a Lars-Christer Olsson di klub yo bezwen montre loyalite e konte mande kongrè a pou publiye yon deklarasyon kap montre ki sa football la reprezante e ki swa manb yo kwè. Oganizasyon G-14 la ki reyuni klub ki pi rich sou kontinan an tankou Real Madrid, Manchester United ak Bayern de Munik enplike nan aksyon an justis kont UEFA, FIFA ak federasyon footbal lokal yo. G-14 la vle chanjman nan règleman yo sou oblikgasyon pou libere jwè seleksyon nasyonal yo konvoke. G-14 la vle pou federasyon yo dedomaje yo si yon jwè yo blese pandan yap patisipe ak seleksyon nasyonal la. An plis de sa a group la ap chache yon pi gwo benefis nan resèt match konpetisyon Eropeyen yo, nan koup du mond ak chanpyona Europeyen. Konfli a rive apre klub Bèlj Charleroi ap chache yon dedomajman 747 mil dola pou vedèt ekip la Abdelmajid Oulmers ki te blese pandan li tap jwe yon match football pou seleksyon Maròk la.

Sekretè deta ameriken an Condoleezza Rice mete a kote ofisyèlman lide pou l ta vinn kandida pou vinn kòm responsab lig football zèpòl kare ameriken an apre aktuèl Komisyonè a Paul Tagliabue te anonse retrèt li nan fen Juè a apre li pase 16 zan ap dirije òganizasyon an. Madan Rice ki se yon fanatik wouj Cleveland Brown di se byen malere pozisyon an ouvè nan yon move moman. Chèf diplomasi ameriken an di lap kontinye nan djòb aktuèl la toutotan prezidan ameriken an vle l rete nan pòs la.

Je Olenpik

Responsab Komite Olenpik Britanik yo akeyi ak bra louvri desizyon gouvènman an pran pou l ajoute yon lòt 350 milyon dola ki pral ogmante chans pou peyi a ranmase plis meday nan je zolenpik dete yo an lan 2012. Chanselye Britanik la Gordon Brown ki anonse budjè anulè l jodi a di budjè gen ladann 175 milyon dola sektè prive a ap bay ak 525 milyon dola kap soti nan fon loteri. Responsab komite olenpik la Simon Clegg kalifye anons la kòm yn bòn nouvèl pandan li di lajan an pral konttribye nan ede la Grand Bretay reyalize objektif pou l fini 4 trièm nan konpetisyon an. Nan Je zolenpik Atè n 2004 yo la Grand Bretay te fini 10 zièm nan tablo meday yo.

Tennis de Table

Chanpyon olenpik doub tenis de tab chinwa Chen Qi ap patisipe nan chanpyona du mond kap dewoule nan vil Brèm an Almay mwa pwochen an..Chen sot pèdu nan final yon chanpyona fas a konpatriòt li Wang Hao nan koup Azyatik la ki tap dewoule o Japon. Otorite yo fè Chen peye yon amand 10 pou 100 sou salè anuèl li.

Je Commonwealth

Ostralyen John Steffensen suprann Grenadyen Alleyne Francique pou l pran meday dò nan je Commonwealth Britanik yo kap dewoule nan vil Melbourne. Jamayiken Jermaine Gonzales fini 3 zièm. Ougandè Dorcus Inzikuru ranpòte meday dò nan kous 3 mil mèt la. Ganeyen Ignisious ranpòte so an longè a. Kanadyen Mark Boswell ranpòte kous sot an wotè a. Angle Kelly Sotherton ranpòte heptathlon feminen an. Nan tablo meday yo Ostrali nan tèt klasman jeneral la ak yon total 153 meday pami yo 57 an ò. Angletè 2 zièm ak 72 meday pami yo 22 an ò. End an 3 zièm pozisyon. Kanada ranmase yon total 53 meday pami yo 14 an ò.

Tennis

Tounwa tenis Nasdaq 100 ap kòmanse jodi a nan Key Biscayne an Florid ak patisipasyon 96 jwè tenis maskulen ak feminen ki pran dèyè yon prim prèske 7 milyon dola. 10 meyè jwè tenis maskulen ak 8 pami 10 meyè fanm ap sou teren an. Venkè chak kategori yo ap resevwa yon demi milyon dola. Ameriken Lindsay Davenport ak franse Mary Pierce pap patisipe nan tounwa a akoz blesu. Swis Roger Federer se tèt de seri numewo 1 aloske Bèlj Kim Clijsters se tèt de seri numewo 2.

NBA

New Orleans Hornets te fè kè fanatik yo kontan apre viktwa 120 a 108 yo ranpòte devan Los Anjeles Clippers--viktwa ki mete fen nan 8 defèt afile. Nan lòt rankont San Antonio Spurs tronse Golden State Warriors 107 a 96. Minnesota Timberwolves ranpòte yon viktwa tou mens devan Miami Heat 100 a 96. Dallas Mavericks woule Houston Rockets ak 88 a 72. Indiana Pacers tonbe devan Memphis Grizzlies 105 a 75. Washington Wizards kap fè efò pou l kalifye pou faz final la pèdu yè swa devan New Jersey Nets 112 a 100. Toronto Raptors ranpòte yon viktwa tou mens devan New York Knicks 114 a 109. Orlando Majik tonbe devan Charlotte Bobcats 108 a 102. Sakramento Kings toupizi Seattle Supersonics 105 a 96. Utah Jazz te finn pa gen rezon sou Phoenix Suns 107 a 99.

Ekri m nan adrès sa a-- jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG