Accessibility links

Breaking News

Atllèt Jamayiken yo Briye nan Je Commonwealth yo


Je Commonwealth

Kourè Jamayiken Asafa Powell ranpòte kous 100 mèt konpetisyon atletis Je Commonwealth Britanik yo. Jamayiken Sheri Ann Brooks ranpòte kous 100 mèt kategori meda m yo devan Sud Afriken Geraldine Pillay ak Kamerounèz Delphine Atangana. Kenyan Augustine Choge ranpòte kous 5 mil mèt la devan Ostralyen Craig Mottram ak Benjamin Limo. Ostrali ranmase 81 meday. Angletè klase 2 zièm ak 42 meday epi End klase 3 zièm ak 21.

Basketball Univèsitè

Tounwa basketball univèsitè yo redui a 16 ekip apre kèk supriz ki justifye ti non jwèt tounwa a Mas an foli. Pa Ekzanp George Mason supran bonanj chanpyon sòtan an North Carolina ak yon viktwa 65 a 60 poul kalifye pou semi final rejyonal la kote li pral rankontre ak Wichita State yon lòt supriz. Bradley suprann Pittsburgh ak yon swif 72 a 66. Tout 4 tèt de seri rejyonal yo toujou nan kous la--Duke, Connecticut, Memphis ak Villanova. Memphis mete akote Bucknell 72 a 56. Konektikut te monte yon maswife avan li kale Kentucky 87 a 83. Villanova tronpe vijilans Arizona ak yon viktwa 82 a 78.West Virginia tronse Northwestern State 67 a 54. Georgetown danse sou Ohio State 70 a 52. Tekzas woule North Carolina State 75 a 54. Semi final rejyonal pou detèmine venkè chak rejyon yo ap demare Jedi a Dimanch nan Atlanta, Oakland, Minneapolis ak WAsington D.C. Venkè yo prale nan Indiana pou jwe semi final nasyonal la 1 Avril epi final la fikse pou 3 Avril.

NBA

Atlanta Hawks make yon 2 pwen 2 sekond pou ranpòte la viktwa 108 a 107 an pwolongasyon devan Orlando Majik. Flip Murray make 2 kou fran 3 sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès 96 a 95 devan Los Anjeles Lakers--- Kobe Bryant, ki make, rate yon 3 pwen nan fen tan reglemantè a. New Jersey Nets, Washington Wizard,Golden State Warriors, Timberwolves, Celtics, Grizzlies and Heat yo tout ranpòte la viktwa.

Tennis

Rus Roger Federer kale ameriken Jamses Blake 7-5, 6-3, 6-0 pou l ranpòte tounwa tenis tenis Pan Pasifik la ki tap dewoule nan Indian Wells an Kalifòni. Federer foure nan pòch li yon chèk 490 mil dola. Rus Maria Sharapova kale konpatriòt li Elena Dementieva 6-1, 6-2.

Franse Amelie Mauresmo se nouvo numewo 1 tenis mondyal feminen an malgre li pat patisipe nan tounwa tenis Indian Wells la nan Kalifòni. Mauresmo fini an premyè pozisyon nan klasman ki publiye jodi a devan Bèlj Kim Clijsters ak Rus Maria Sharapova. Justine Henin Hardenne, Lindsay Davenport, Marie Pierce, Nadia Petrova, Elena Dementieva, Patty Schnyder ak Venus Williams konplete lis 10 meyè jwè tenis mondyal feminen.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer, Chipriyòt Marcos Baghdatis, Amerken James Blake, Kwat Ivan Ljubicic Alman Tommy Haas, Espayòl Rafael Nadal, Jakko Nieminen, Arjanten David Nalbadian ak Alman Nicolas Kiefer konplete lis 10 meyè jwè maskulen mondyal dapre klasman ki publiye jodi a.

Football

Yon pati nan kouvètu Stad Wemble a efondre jodi-a-si kreye panik pami 3 mil ouvriye kap travay nan stad la. Nouvèl pa di si gen blese. An Itali Juventus de Turen kontinye ap vanse dèçyè tit la apre swif 3 a 1 li pase Livourne. Juventus gen 10 pwen devan Milan AC ki wouze Udineze 4 a 0 pou mete l a 2 pwen devan Inter de Milan ki bimen Lazio de Wòm 3 a 1.

Real Madrid ap monte yon maswife an Espay malgre prezans franse Zinedine Zidanne ak Brezil Romario. Klub Madrilén nan pa ranpòte oken tit depwi 3 sezon.

Federasyon football Alman an anonse mitan teren Bayern de Munik la Sebastian Deisler pap fè pati seleksyon ki pra patisipe nan koup du mond la akoz yon blesu.

Prezidan Federasyon Football Entènasyonal la Swis Sepp Blatter anonse mezu ki vize lute kont rasis nan football dwe antre an apliaksyon imedyatman e yap aplike nan koup du mond la. Dapre komunike FIFA publiye Jedi Klub ki gen fanatik yo koupab pwopo rasis ak diskrimasyon pral fè fas ak sanksyon sevè ki kapab suspansyon, pèdu pwen e menm eksklu nan konpetisyon yo.

Bò kote pa l antrenè seleksyon Oland la Marco Van Basten move tankou kong apre FIFA refuze fikse pou fen Me dat pou seleksyon ki pral patisipe nan koup du mond la remèt lis jwè yo. FIFA bay tout ekip juska 15 Me kòm delè pou renmèt lis jwè a. Antrenè La Frans la Raymond Domenech li menm tou te an favè repò a. Antrenè franse a di pami rezon an sèke antrenè Eropeyen yo ap oblije renmèt lis la malgre ap manke 2 final Lig des chanpyon Europyen an 17 Me ak final koup de Frans la le 20 Me.

Mèkredi kap vini la a Etazuni ap rankontre ak Seleksyon Almay la nan Dortmund nan kad yon match chofe jarèt ant 2 seleksyon yo. Almay gen 3 jwè ki deklare fòfè pou koup du mond la.

Atletisme

Rus Lidiya Grigoryeva ranpòte maraton Los Anjeles la. Manmzèl fini an premyè pozisyon devan chanpyon maskulen Kenyan Benson Cherono. Atletis La Frans pa renmèt anyen nan konpetisyon Atletis an sal ki sot dewoule nan vil Moskou.

Klike sou ralonj anlè paj la pou tande 3 zièm e dènye pati entèviou Prezidan Federasyon Football Ayiti a Doktè Yves Jean Bart ak Jean Robert Philippe.

Ekri nou jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG