Accessibility links

Breaking News

Federasyon Football Ayisyen an Siyen yon Akò ak yon Konpayi Telefòn


Konpayi telefòn pòtab Digicel sot siyen yon akò plizyè milyon dola ak federasyon football Ayiti a pou bay spò popilè a yon bourad. Envite nou nan Dosye Spò se prezidan Federasyon Football ayisyen an Doktè Yves Jean Bart. Klike sou ralonj anlè foto a pou w koute premye tranch entèview sa a.

Football

FIFA deside kenbe dat 15 Me a pou tout 32 peyi kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la renmèt lis jwè ki pral fè pati seleksyon nasyonal la. Nan yon deklarasyon FIFA fè konnen desizyon an gen pou objektif pèmèt jwè yo gen ase tan pou repoze yo, jwè ki blese kapab ranplase apre delè a. Anpil antrenè te eksprime kè sote yo akoz anpil nan gwo jwè ap patisipe nan chanpyona Europyen an kap fini jus nan fen mwa Me a. FIFA di tou chak jwè, antrenè ak responsab ap gen pou siyen yon deklarasyon avan debu koup du mond la kote yo pran angajman pou patisipe nan oken paryaj ilegal. FIFA refuze pèmèt 6 ranplasan fèt pandan match amikal avan kou danvwa koup du mond la le 9 Jwen.

La Frans ki sot pèdu 2 a 1 devan Slovaki degrengole soti nan 5 kièm plas pou l tonbe an 8 tièm pozisyon nan klasman Football FIFA publiye sepandan Brezil toujou klase numewo 1 aloske Almay, kap òganize koup du mond la e ki te klase 20 tièm tonbe an 22 zièm pozisyon. Republik Tchèk, la Oland, Arjantin, Etazuni, Espay, Meksik, la Frans, Angletè ak Portugal konplete lis 10 meyè ekip mondyal la. Pou Karayib la Trinidad and Tobago kalse 49 vièm.

Klub football alman Hambourg pase klub Woumen Rapid de Boukarès yon swif 3 a 1. Malgre defèt la Rapid de Boukarès kalifye pou kar de final Koup Unyon Football Eropeyen an akoz gòl diferans. Klub Angle Middlesbrough tonbe devan klub Italyen AS Wòm 2 a 1 men yo kalifye kan mè m. Seville kale Lille 2 a 0 pou l pase nan kar de final la. Jodi a ap gen 5 lòt match retou. Tiraj osò a fikse pou demen Vandredi.

Je Commonwealth

Ostrali ranpòte kous siklis la pandanke Afrik du Sud koze yon supriz lè l ranpòte kous natasyon naj lib 4 par 100 mèt relè nan Je Commonwealth Britanik yo kap dewoule nan Melbourne an Ostrali. Anviwon 4 mil500 atlèt ap patisipe nan je Commonwealth yo nan 16 disiplin e kap dure 11 jou.

Tennis

Ameriken Andy Roddick elimine an tounwa tenis Pan Pacifik la kap dewoule nan Indian Wells nan Kalifòni. Roddic tonbe an 3 manch 6-4, 6-7, 6-1 devan Rus Andreev. ARjanten DAvid Nalbadian tonbe devan Tailandè Paradorn Srichaphan 6-7, 6-3, 6-2. Martina Hingis kalifye pou semi final la pou l al rankontre ak Rus Maria Sharapova.

NBA

Chauncey Billups make 26 pwen epi fè 10 pas ki make pwen nan viktwa tou mens 105 a 98 Detroit Pistons ranpòte devan Toronto Raptors yè swa nan NBA a. Detroit gen pi bon palmarès nan chanpyona a ak 51 viktwa 12 defèt. Phoenix Suns ranpòte yon viktwa byen fasil devan Los Anjeles Clippers 126 a 95 gras a Steve Nash ki make 25 pwen. Denver Nuggets koule Indiana Pacers 101 a 99 yon defèt ki bon pou Washington Wizards ki kale Charlotte Bobcats 107 a 99. Vince Carter make 26 pwen pou ede New Jersey Nets danse sou Portland Trail Blazers 78 a 65. Milwaukee Bucks pilon-nen Chikago Bulls 104 a 88. Kobe Bryant make 25 pwen pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa tou mens devan Minnesota 92 a 89. Olrando Majik te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Utah Jazz 114 a 108. New York Knicks te bezwen 2 pwolongasyon pou l finn pa gen rezon sou Atlanta Hawks 121 a 117.

XS
SM
MD
LG