Accessibility links

Breaking News

René Préval Retounen Ayiti...Deba a ap Kontinye sou Dosye Lame a


Prezidan-eli Ayiti a, René Garcia Préval retounen Pòtoprens apre yon vire-won nan peyi Brezil, Chili ak Ajantin.

Nan premye kontak msye Préval ak laprès apre li fin retounen ann Ayiti, li relanse kritik li te fè o Brezil kont Fòs Ame Dayiti e li rejte pawòl kòmkwa peyi a ta bezwen prezans yon kò lame. Anpil kòmantè negatif kontinye ap fèt sou deklarasyon Préval la.

Pandansetan, klas politik la ak elektè ayisyen yo ap rete tann piblikasyon arete prezidansyèl ki va konfime dat 21 avril la pou Dezyèm Tou eleksyon lejislativ yo. Men kandida yo deja ap mennen kanpay atravè peyi a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Okay ak Orlando.

XS
SM
MD
LG